Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
10 Bondye kreye tout bagay, epi tout bagay egziste pou glwa li. Bondye chwazi pou li gen anpil pitit ki pou jwi glwa li avè l. Konsa, Bondye fè Jezi pase nan mitan soufrans pou l ka tounen yon Sovè ki pa gen pyès fay[a] nan li. Konsa, li ka sove anpil moun.
11 Konsa, Jezi ki fè moun vin sen an, ansanm ak moun ki vin sen yo, yo tout soti nan menm fanmi lan. Se sa k fè Jezi pa wont pou l rele yo frè ak sè li. 12 Li di:
“Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo.
M ap chante louwanj ou devan tout moun.”[b]
13 Li di ankò:
“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”[c]
Epi li di:
“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”[d]
14 Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, konsa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a. 15 Li tou libere tout moun ki te esklav dyab la pandan tout lavi yo, paske yo te pè lanmò. 16 Li parèt klè Jezi pa t vin pou ede zanj, se pou pitit pitit Abraram yo li te vini. 17 Se pou rezon sa a, Jezi te bezwen sanble ak frè l ak sè l yo nan tout bagay. Se sa menm ki fè li ka fè sèvis pou nou devan Bondye, tankou yon granprèt fidèl epi ki gen kè nan men. Se li menm ki ofri sakrifis ki padone peche pèp la. 18 Wi, poutèt Jezi te sibi soufrans ak tantasyon, li ka pote sekou bay sila yo k ap sibi tantasyon.
Jozèf ak Mari mennen Jezi nan peyi Ejip
13 Touswit apre maj yo fin pati, yon anj Senyè a te parèt devan Jozèf nan yon rèv. Zanj lan di li: “Leve! Degaje w pran pitit la ak tout manman l, ale nan peyi Ejip. Ewòd gen entansyon chache ti pitit la pou touye l. Rete nan peyi Ejip jouktan mwen di w lè pou w retounen.”
14 Jozèf pran manman an ak tout pitit la, li pati pandan lannuit la pou ale an Ejip. 15 Yo rete an Ejip jouktan Ewòd mouri. Vwayaj an Ejip la se yon aksyon ki fè nou konprann pi byen pwofesi ki di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l soti kite peyi Ejip.”[a]
Ewòd touye tout bebe gason nan Bètleyèm
16 Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la. 17 Konsa, sa fè nou konprann pi byen pwofesi Jeremi an:
18 “Yon rèl pete nan Rama.
Se yon rèl lanmò ak dezolasyon.
Rachèl ap kriye pou pitit li yo.
Li refize tout konsolasyon.
Paske pitit li yo mouri.”[b]
Jozèf ak Mari retounen nan peyi yo
19 Apre lanmò Ewòd, yon anj Senyè a parèt devan Jozèf nan yon rèv nan peyi Ejip. 20 Li di l: “Leve! Pran pitit la ak manman l, retounen nan peyi Izrayèl. Moun ki te vle touye l yo gen tan mouri.”
21 Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl. 22 Men, lè Jozèf tande se Akelayis, pitit Ewòd la, ki te pran plas papa l kòm wa nan rejyon Jide a, li te pè pou retounen nan zòn sa a. Konsa, apre Bondye te avèti l nan yon rèv, Jozèf t al rete nan rejyon Galile pito. 23 Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”[c]
Copyright © 2017 by Bible League International