Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Lik ekri yon lòt liv
1 Chè Teyofil, nan premye liv mwen te ekri a, mwen te rakonte tout sa Jezi te fè ak tout sa li te anseye pèp la, depi okòmansman, 2 jouk rive nan jou li te retounen monte nan syèl la. Li bay moun li te chwazi kòm apot yo yon seri enstriksyon anba pouvwa Sentespri a, anvan l te monte nan syèl. 3 Li te parèt byen vivan devan moun li te chwazi yo apre l te fin mouri. Pandan karant (40) jou, li te ba yo anpil prèv pou montre li vivan tout bon vre epi li te di yo anpil bagay konsènan Wayòm Bondye a tou. 4 Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan. 5 Janbatis te batize moun nan dlo, men nou menm, n ap gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a nan kèk jou ankò.
Jezi monte nan syèl
6 Tout apot yo te reyini ansanm, yo t ap poze Jezi kesyon. Yo mande li: “Mèt, èske se kounye a ou pral mete wayòm Izrayèl la sou pye l ankò?”
7 Men, Jezi reponn yo: “Afè tan ak moman Bondye fikse ak pwòp otorite li, se pa bagay ki regade nou epi se pa bagay nou bezwen konnen nonplis. 8 Men lè Sentespri a va vini sou nou, l ap ban nou puisans. Lè sa a, n a rann temwanyaj de mwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide a, nan Samari rive jouk nan dènye bout latè.”
9 Apre Jezi fin di pawòl sa yo, li monte nan syèl. Pandan disip yo t ap gade l ki prale konsa, yon nyaj bare li. Konsa yo vin pa t ka wè l ankò. 10 Disip yo ap founi je gade nan syèl la, nan direksyon kote Jezi monte a. Lamenm yo wè de moun abiye tou de blan parèt kote yo. 11 Epi yo di yo: “Nou menm moun Galile yo, poukisa n ap founi je gade nan syèl la konsa? Jezi sa a nou wè ki kite nou li monte nan syèl la, li gen pou l retounen menm jan nou wè l monte a.”
Priyè Pòl la
15 Se sa k fè, lè m tande renome lafwa nou genyen nan Senyè Jezi ak lanmou nou pou tout pèp Bondye a, 16 mwen pa janm sispann di Bondye mèsi pou nou, lè m ap sonje nou nan priye mwen. 17 Mwen priye Bondye, Senyè nou an, Jezikris, Papa nou ki gen tout glwa a, pou li ban nou Sentespri a, li menm va fè n konnen tout verite ki genyen sou Bondye epi li va ede nou konprann tou. Konsa nou va konnen Bondye pi byen.
18 M mande Bondye pou l louvri entèlijans nou, pou konprann verite a. Konsa, n ap ka wè ki kalite eritaj li kite pou nou tout, nou menm ki moun pa l yo, yon eritaj ki rich epi ki bèl. 19 N ap ka wè tou ki kalite pouvwa Bondye dispoze pou nou menm ki kwè. Se menm pouvwa sa a Bondye te manifeste avèk anpil fòs, 20 lè l te resisite Kris la nan lanmò epi li fè l chita adwat li nan syèl la. 21 Bondye mete Jezikris sou tèt tout chèf, tout otorite, tout moun ki gen pouvwa, tout wa yo ansanm ak tout gwo non yo site, ni nan mond sa, ni nan sa k gen pou vini an. 22 Bondye Papa a mete tout bagay anba pouvwa Jezikris epi li mete Kris chèf sou tout bagay nan Legliz la. 23 Legliz la se kò Kris la. Kris ranpli Legliz la, epi li ranpli tout bagay ladan l nèt.
44 Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.”
45 Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. 46 Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. 47-48 Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, konsa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. 49 Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”
Jezi retounen nan syèl
(Mak 16:19-20; Trav 1:9-11)
50 Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. 51 Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. 52 Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. 53 Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.
Copyright © 2017 by Bible League International