Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 100 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezekyèl 37:15-28' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 15:1-4

Zanj ki pote dènye kalamite yo

15 Apre sa, m wè yon lòt siy nan syèl la. Li te gwo anpil epi li te fè moun sezi. Se te sèt anj ki responsab pou sèt gwo kalamite. Kalamite sa yo, se yo ki dènye. Se avèk yo kòlè Bondye a ap fini.

Apre sa, m wè yon lanmè ki sanble yon bagay ki fèt ak kristal mele ak dife. M wè moun yo ki te ranpòte laviktwa nan batay ak bèt la, ak zidòl li a ak nimewo ki reprezante non li a. Yo kanpe sou lanmè an kristal la epi yo kenbe gita Bondye yo nan men yo. Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:

“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
    Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
    ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
    Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
    Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
    paske jijman ou fè yo dwat.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International