Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 100 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 50:17-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 10:31-42

31 Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi. 32 Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”

33 Jwif yo reponn li: “Nou p ap touye w ak wòch pou yon bèl bagay, men paske ou di bagay ki manke Bondye dega. Se yon moun ou ye, vwala ou di ou se menm ak Bondye.”

34 Jezi reponn yo: “Èske sa pa ekri nan Lalwa nou an: Mwen di: Nou tout se dye.[a] 35 Bib la rele moun sa yo ki resevwa mesaj Bondye a dye. Epi tou, sa Bib la di se toujou verite a. 36 Alò, pou ki n ap akize m, nou di m ap manke Bondye dega paske mwen di: Mwen se Pitit Bondye? Se mwen Bondye chwazi epi li voye m sou latè. 37 Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen. 38 Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”

39 Lè sa a, yo te eseye arete Jezi ankò, men li chape poul li.

40 Jezi te pati yon fwa ankò ale lòtbò rivyè Jouden an, kote Janbatis te kòmanse batize moun yo, epi li rete la. 41 Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.” 42 Nan zòn sa a, anpil moun te vin kwè nan Jezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International