Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Ki moun ki kapab louvri woulo a?
5 Lè sa a, m wè yon liv sou fòm yon woulo nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Woulo sa a te ekri toude bò, anndan kou deyò. Liv la te fèmen epi yo poze sèt sele sou li. 2 Epi m wè yon anj puisan ki t ap kriye byen fò: “Ki moun ki diy pou kase sele yo epi louvri liv la?” 3 Men, ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a, pa genyen pèsòn ki te kapab kase sele yo pou gade anndan liv la. 4 Mwen te kriye anpil, paske pèsòn pa t diy ase pou louvri liv la, pèsòn pa t diy ni menm pou gade sa ki ladan. 5 Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon[a] ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.
6 Lè sa a, mwen wè yon Ti Mouton kanpe toupre twòn nan, antoure ak kat kreyati vivan yo. Ti Mouton an sanble ak yon mouton yo te ofri an sakrifis. Li gen sèt kòn ak sèt zye. Sèt je yo se sèt espri Bondye voye toupatou sou la tè. 7 Ti Mouton an avanse epi li pran woulo liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. 8 Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo. 9 Yo t ap chante yon nouvo chan:
“Ou diy pou w pran woulo liv la
epi pou kase sele yo,
paske ou te mouri an sakrifis,
epi ak san ou, ou te achte pou Bondye
moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
10 Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an,
y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”
Copyright © 2017 by Bible League International