Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
15 Anj ki t ap pale avè m nan te gen yon gòl nan men l, ki fèt ak lò, pou l mezire vil la, pòt li yo, epi miray la. 16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,[a] lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[b] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18 Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt[c] ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.
19 Vil la te gen douz fondasyon. Chak fondasyon te fèt ak yon kalite wòch bijou ki koute chè anpil. Premye wòch la te an jas. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an agat. Katriyèm nan te an emwod. 20 Senkyèm nan te an oniks. Sizyèm nan te an sadwan. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan an krizopaz. Onzyèm nan an tikwaz. Douzyèm nan an ametis. 21 Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.
22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an.
Copyright © 2017 by Bible League International