Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Sòl tounen yon disip Jezi
9 Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a, 2 epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm.
3 Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl. 4 Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?”
5 Pòl di: “Kilès ou ye, Senyè?” Epi vwa a reponn: “Mwen se Jezi ou ap pèsekite a. 6 Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”
7 Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn. 8 Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas. 9 Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou.
10 Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!”
Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida.[a] Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la. 12 Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.”
13 Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm. 14 Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”
15 Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la. 16 Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”
17 Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.” 18 Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li. 19 Apre te fin manje, li vin gen fòs ankò.
Sòl kòmanse ap pale de Jezi
Sòl rete Damas pandan kèk jou ankò ansanm ak disip yo. 20 San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”
11 Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte![a] 12 Zanj yo t ap di byen fò:
“Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans
se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la.
Li diy pou l resevwa
onè, glwa, ak louwanj!”
13 Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di:
“Tout louwanj ak onè
ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan,
se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!”
14 Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.
Jezi parèt sou sèt disip
21 Apre sa, Jezi fè disip yo wè l ankò bò lanmè Galile[a] a. Men kijan sa te pase: 2 Simon Pyè, Toma yo te rele Didim[b] nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm. 3 Simon Pyè di yo konsa: “Mesye, m pral lapèch wi.”
Yo di l: “Nou pral avèk ou.” Yo soti epi yo monte nan kannòt la. Men, tout nuit lan pase yo pa pran anyen.
4 Bonè nan maten, Jezi kanpe bò dlo a, men disip yo pa t konnen se te Jezi. 5 Li di yo: “Mesye m yo,[c] nou pa gen anyen ki ka manje?”
Yo reponn li: “Non.”
6 Li di yo: “Voye filè a bò dwat kannòt la, n ap jwenn kèk pwason.” Yo voye filè epi li te tèlman chaje ak pwason yo pa t kapab tire l.
7 Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a. 8 Lòt disip yo vini avèk kannòt la, yo te rale filè a tou plen pwason, yo pa t lwen tè, yon san (100) mèt[d] konsa. 9 Lè yo fin desann atè, yo wè dife bwa ki te gen pwason ap kuit sou li, epi te genyen kèk pen la tou. 10 Jezi di yo konsa: “Pote kèk nan pwason nou sot pran yo vini.”
11 Simon Pyè monte ankò nan kannòt la, li rale filè a atè, li te plen ak sansenkant twa gwo pwason. Epi menm avèk tout pwason sa yo, filè a pa t chire. 12 Jezi di yo konsa: “Mesye, vin manje.” Pa t gen youn nan disip yo ki te oze mande l ki moun li ye. Yo te konnen byen se te Senyè a. 13 Jezi vini, li pran pen, li ba yo. Li te fè menm bagay ak pwason an.
14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.
Jezi ap pale ak Pyè
15 Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè: “Simon, pitit Jan, èske ou renmen m plis pase moun sa yo?”
Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”
Lè sa a, Jezi di l: “Pran swen mouton[e] m yo.”
16 Yon dezyèm fwa, Jezi di l: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”
Li reponn: “Wi, Senyè, ou konnen m renmen w.”
Jezi di l: “Se pou ou yon bèje pou mouton m yo.”
17 Yon twazyèm fwa, li di: “Simon, pitit Jan, èske w renmen m?”
Pyè te tris paske Jezi te poze l menm kesyon an twa fwa: “Èske w renmen m?”
Li reponn: “Senyè, ou konnen tout bagay, ou byen konnen m renmen w.” Jezi di li: “Pran swen mouton m yo.” 18 An verite, an verite, mwen di w, lè ou te jenn gason, ou te mare senti w, ou ale kote ou vle. Men lè w vin granmoun, ou ap lonje men w epi se yon lòt moun k ap mare senti w pou ou, epi yo va mennen ou kote w pa ta vle ale. 19 Jezi te pale konsa pou l te kapab fè konprann kijan Pyè ta gen pou l mouri pou fè lwanj pou Bondye. Apre pawòl sa a, Jezi di li: “Swiv mwen.”
Copyright © 2017 by Bible League International