Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Travay 8:26-40

Filip ansenye yon nonm peyi Etyopi

26 Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”

27 Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik.[a] Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. 28 Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a.

29 Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.” 30 Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”

31 Chèf la reponn Filip konsa: “Ki jan pou m ta fè konprann li, si m pa gen yon moun pou eksplike m?” Apre sa, li envite Filip monte nan cha a epi chita bò kote l. 32 Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a:

“Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa,
    li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li.
    Li pa janm louvri bouch li di anyen.
33 Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye.
    Yo p ap janm pale de pitit pitit li,
    paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.”[b]

34 Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale konsa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” 35 Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.

36 Pandan yo t ap vwayaje konsa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?” 37 [c] 38 Enik lan mande pou yo kanpe cha a. Apre sa, ni Filip ni Enik lan desann nan dlo a, epi Filip batize l. 39 Lè yo soti nan dlo a, Sentespri Bondye fè Filip disparèt pati ale yon lòt kote. Enik lan pa t janm wè Filip ankò, men, li te kontinye chemen li ak kè kontan. 40 Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.

Error: 'Sòm 22:25-31' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 4:7-21

Lanmou soti nan Bondye

Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye. Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou. Men kijan Bondye te montre nou lanmou li: Bondye te voye yon sèl Pitit li a nan mond lan pou nou ka genyen lavi pa mwayen li menm. 10 Kounye a, kisa lanmou ye? Se pa nou ki te renmen Bondye an premye, men se li ki te tèlman renmen nou. Li si tèlman renmen nou, li voye Pitit li pou li netwaye peche nou yo.

11 Zanmi m yo, si Bondye renmen nou konsa, enben nou menm tou, nou ta dwe renmen youn lòt. 12 Pèsonn pa janm wè Bondye, men si nou renmen yonn lòt, Bondye ap viv nan nou epi lanmou vin konplèt nèt nan nou.

13 Men kijan nou ka konnen n ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan nou: Li te pataje Lespri li ak nou. 14 Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan. 15 Moun ki konfese Jezi se Pitit Bondye, Bondye ap viv nan li epi li menm tou l ap viv nan Bondye. 16 Nou menm, nou konnen lanmou Bondye gen pou nou, epi nou kwè nan lanmou sa a. Bondye se lanmou. Si yon moun ap viv nan lanmou, l ap viv nan Bondye epi Bondye ap viv nan li.

17 Konsa, si lanmou Bondye a total nan nou, nou p ap tonbe nan laperèz lè jou a rive pou Bondye jije mond lan. 18 Pa genyen laperèz nan lanmou; lanmou toutbon vre a mete laperèz deyò, paske lè nou pè, se chatiman Bondye nou pè. Moun ki gen laperèz la pa genyen lanmou Bondye a toutbon vre.

19 Pou nou menm, nou renmen, paske Bondye te renmen nou an premye. 20 Si yon moun di: Mwen renmen Bondye epi li rayi frè li, se yon moun k ap bay manti, paske moun ki pa renmen frè l li wè, li pa kapab renmen Bondye li pa wè. 21 Men kòmandman li ban nou: Moun ki renmen Bondye dwe renmen frè ak sè li yo tou.

Jan 15:1-8

Jezi se menm jan ak yon pye rezen

15 “Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an. Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se konsa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.

Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife. Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li. Lè nou donnen anpil, se konsa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International