Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Kwayan yo separe sa yo genyen ansanm
32 Tout moun ki te mete konfyans yo nan Jezi yo te fè yon sèl. Yo te gen menm panse nan tèt yo epi yo te gen menm santiman youn pou lòt. Pèsonn pa t di byen l te genyen se te pou li sèlman. Okontrè, tout sa youn te genyen te pou tout moun. 33 Se avèk anpil puisans apot yo t ap fè konnen jan Senyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Bondye menm t ap vide benediksyon an kantite sou tout kwayan yo. 34 Pa t gen pèsonn ki te nan nesesite nan mitan yo. Sa k te gen tè osinon kay te van yo epi yo pote lajan an vini. 35 Yo te pote lajan an bay apot yo. Apre sa, yo te separe bay chak moun selon bezwen yo.
1 Nou vle pale w de Pawòl[a] ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l. 2 Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi konsa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou. 3 Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon[b] ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris. 4 N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.
Bondye padone peche nou
5 Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa. 6 Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik. 7 Si n ap mache nan limyè,[c] paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.
8 Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a. 9 Si nou konfese peche nou yo bay Bondye, li fidèl epi li dwat, l ap padone nou epi l ap netwaye nou de tout sa nou te fè ki pa bon. 10 Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.
Jezi se avoka nou
2 Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche,[d] nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, konsa l ap defann nou devan Bondye Papa a. 2 Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)
19 Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20 Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.
21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, konsa mwen menm mwen voye nou tou.” 22 Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.” 23 Moun nou padone peche yo, peche yo ap padone. Moun nou refize padone, yo p ap jwenn padon.
Jezi fè Toma wè li
24 Men Toma, youn nan douz disip yo, sa yo te rele Didim nan, li pa te la lè Jezi te vini an. 25 Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”
26 Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.” 27 Apre sa, li di Toma: “Vini ak dwèt ou epi gade men m yo, lonje men w, foure dwèt ou nan bò kòt mwen, sispann rete nan enkredilite, se pou w tounen yon moun ki gen lafwa.”
28 Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”
29 Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”
Pou kisa Jan ekri liv sa a?
30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a. 31 Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè[a] Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.
Copyright © 2017 by Bible League International