Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
10 Men sa ki distenge pitit Bondye yo ak pitit satan yo: Nenpòt moun ki pa pratike sa ki dwat epi ki pa renmen frè l ak sè l, li pa soti nan Bondye.
Nou dwe genyen lanmou youn pou lòt
11 Men mesaj nou tande depi nan kòmansman an: Nou dwe renmen youn lòt. 12 Se pa pou nou fè menm jan ak Kayen ki te soti nan Satan. Se sa k fè li te touye frè li. Epi pou kisa li te touye l? Paske bagay li t ap fè yo pa t bon, men sa frè li t ap fè yo te bon.
13 Frè m ak sè m, nou pa dwe sezi lè moun ki nan mond lan rayi nou. 14 Nou konnen nou kite lanmò pou nou antre nan lavi, paske nou renmen frè ak sè nou yo. Men moun ki pa genyen lanmou, li rete nan lanmò. 15 Nenpòt moun ki pa renmen frè l ak sè l, se yon asasen li ye. Epi, nou konnen sa, okenn asasen pa gen lavi etènèl.
16 Men kijan nou konnen sa lanmou ye: Jezi bay pwòp lavi l pou nou, menm jan an tou, nou dwe bay lavi nou pou frè ak sè nou yo.
Copyright © 2017 by Bible League International