Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
3 Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li. 4 Si nou di nou konnen Bondye, nou pa obeyi kòmandman li yo, n ap bay manti. Verite a pa nan nou. 5 Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se konsa nou konnen n ap viv nan li. 6 Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.
Jezi mande nou pou n renmen lòt yo
7 Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a. 8 Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja.
9 Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a. 10 Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon. 11 Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.
Copyright © 2017 by Bible League International