Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Kèk disip Jezi wè l
(Mat 28:9-10; Jan 20:11-18; Lik 24:13-35)
9 Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon. 10 Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye. 11 Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa.
12 Apre sa, Jezi parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip li yo ki t apral andeyò. 13 De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
14 Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.
15 Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la. 16 Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane. 17 Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann. 18 Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”
Copyright © 2017 by Bible League International