Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pa swiv lènmi Kris yo
18 Pitit byeneme m yo, nou nan dènye tan an! Nou tande lènmi kris la ap vini. Kounye a menm gen anpil lènmi kris ki deja la. Se sa ki fè nou konnen nou nan dènye tan an. 19 Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.
20 Pou nou menm, nou te resevwa kado[a] Sentespri a[b] te ban nou an, konsa nou tout gen konesans verite a. 21 Si m ekri nou lèt sa a, se pa paske nou pa konnen verite a, se paske nou konnen li; nou konnen tou pyès manti pa ka soti nan verite a.
22 Konsa, kilès k ap bay manti a? Se sila a ki di Jezi se pa Kris la.[c] Sila a ki nye Papa a ak Pitit la. Se li ki lènmi kris la. 23 Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou.
24 Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou. 25 Epi, men pwomès Pitit la te fè a: lavi etènèl.
Copyright © 2017 by Bible League International