Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
5 Nan demen, chèf Jwif yo, lidè yo ki pami pèp la ansanm ak Skrib yo, yo tout te rasanble nan Jerizalèm. 6 Nan moun ki te la yo, te gen Àn, chèf prèt la, te gen Kayif, Jan, Aleksann, ansanm ak yon bann lòt moun ankò ki nan branch fanmi chèf prèt la. 7 Yo mete Pyè ak Jan kanpe nan mitan epi yo tonbe poze yo kesyon. Yo mande yo pou yo di ak ki pouvwa osinon nan non ki lès yo geri nonm kite paralize a.
8 Lè sa a, Pyè te vin twouve l anba kontwòl Sentespri a epi li di yo: “Nou menm chèf yo ansanm ak lidè pami pèp Izrayèl la. 9 Gade se nou menm jodi a k ap poze nou kesyon sou byen nou fè pou nonm ki te estwopye a. Nou bezwen konnen kijan li fè geri? 10 Enben se pou nou tout ki la a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la, se pou nou konnen se nan non Jezikris, nonm Nazarèt, la li geri. Nou te klouwe l sou kwa a, men Bondye fè l leve soti vivan nan lanmò. Se poutèt pouvwa Jezikris nonm sa a kanpe an sante devan nou jodi a. 11 Jezi se
wòch[a] nou te voye jete pou pa bon an,
nou menm ki t ap bati kay la,
men, li tounen wòch kwen an,
wòch ki pi enpòtan an.[b]
12 Pa gen delivrans nan pyès lòt moun, eksepte nan Jezi sèlman. Paske Bondye pa bay non okenn lòt moun sou latè ki kapab delivre moun. Se Jezi sèl ki ka delivre nou.”
16 Men kijan nou konnen sa lanmou ye: Jezi bay pwòp lavi l pou nou, menm jan an tou, nou dwe bay lavi nou pou frè ak sè nou yo. 17 Nenpòt moun ki genyen richès mond lan epi ki wè frè l oubyen sè li nan bezwen san kè l pa touche, kijan yon moun konsa kapab di lanmou Bondye rete nan li? 18 Pitit mwen yo, se pa pou nou renmen ak pawòl sèlman, men se pou nou montre nou renmen toutbon vre.
19 Konsa, n ap sèten nou se moun ki nan verite a epi devan Bondye, n ap gen konsyans nou klè. 20 Menm lè kè nou ta kondane nou, n ap toujou an pè avèk Bondye, paske Bondye pi gran pase kè nou. Li konnen tout bagay.
21 Byeneme m yo, si kè nou pa kondane nou, nou kapab gen asirans devan Bondye. 22 Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi. 23 Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa. 24 Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.
11 Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo. 12 Yon moun yo peye pou gade mouton yo, li pa yon vrè bèje. Poutèt li pa mèt mouton yo, lè li wè chyen mawon ap vini, li lage mouton yo epi li chape kò l. Chen mawon atake mouton yo epi yo tout gaye. 13 Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.
14 Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou. 15 Menm jan Papa a konnen m, mwen menm mwen konnen Papa a tou, epi mwen bay lavi m pou mouton yo. 16 Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.[a] 17 Se poutèt sa Papa a renmen m, paske mwen bay lavi m pou m repran l ankò. 18 Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”
Copyright © 2017 by Bible League International