M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mat 10:5-15; Mak 6:7-13)
9 Jezi rele douz apot li yo epi li ba yo pouvwa ak otorite sou tout kalite denmon ak pouvwa pou yo geri tout kalite maladi. 2 Apre sa li voye yo al preche levanjil wayòm Bondye a epi pou yo al geri malad. 3 Epi li di yo: “Pa pote okenn pwovizyon avèk nou pou vwayaj la. Pa pran ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan; pa menm yon rad derechany piga nou pote. 4 Nan nenpòt kay nou antre, rete la jouktan nou rive lè pou nou deplase. 5 Si abitan yon vil pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo.”
6 Konsa, apot yo ale, yo vwayaje atravè tout bouk yo. Yo preche bòn nouvèl la epi yo geri anpil moun toupatou.
Ewòd tonbe nan konfizyon konsènan Jezi
(Mat 14:1-12; Mak 6:14-29)
7 Tout bagay ki t ap pase yo te rive nan zòrèy Ewòd. Li te touve l nan konfizyon paske te gen kèk moun ki t ap di se Janbatis ki resisite. 8 Gen moun ki te di se Eli ki parèt. Gen lòt menm ki te di se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite. 9 Men Ewòd t ap di nan panse li: “Se mwen ki te koupe tèt Janbatis. Ki lès nonm sa a ye menm k ap fè tout bagay sa yo m ap tande a?” Li pa t sispann chache okazyon rankontre ak Jezi.
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Jan 6:1-14)
10 Lè apot yo tounen sot nan misyon an, yo rakonte Jezi tout sa yo te fè. Apre sa Jezi pran yo ak li yo pati poukont yo ale nan yon vil yo rele Bètsayida. 11 Lè foul moun yo reyalize sa k pase a, yo pouswiv Jezi. Lè yo rive, li resevwa yo. Li tonbe preche yo konsènan wayòm Bondye a epi li geri tout sa yo ki te malad.
12 Lè l t apral aswè, douz apot yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Fòk ou voye foul la ale pou yo ka chache jwenn kote pou yo dòmi ak manje pou yo manje nan zòn ki ozalantou, paske kote nou ye a pa gen kay.”
13 Men Jezi di yo: “Se pou nou menm nou ba yo manje.”
Yo reponn Jezi konsa: “Nou gen sèlman senk (5) pen ak de (2) pwason la a. Atò pou nou ta al achte manje pou nou bay tout moun sa yo?” 14 Te gen anviwon senk mil (5,000) gason konsa.
Jezi di apot li yo: “Fè yo chita pa gwoup senkant (50) moun.”
15 Apot yo te fè sa a epi tout moun te chita. 16 Jezi pran senk (5) pen ak de (2) pwason yo. Li leve tèt li gade syèl la. Li di Bondye mèsi pou yo epi li kase yo. Li bay apot li yo pou pataje bay foul la. 17 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè yo ranmase rès moso foul la pa t fin manje, yo jwenn douz panye.
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mat 16:13-19; Mak 8:27-29)
18 Yon lè, pandan Jezi t ap priye poukont li, tout apot li yo vin rasanble kote l. Li pwofite poze yo kesyon sa a: “Ki moun foul la di mwen ye?”
19 Yo reponn li: “Anpil moun di ou se Janbatis. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt menm ki di ou se youn nan ansyen pwofèt yo ki resisite.”
20 Lè sa a Jezi di yo: “E nou menm, ki moun nou di mwen ye?”
Pyè reponn, li di: “Ou se Kris Bondye voye a.”
21 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsonn moun sa.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mat 16:21-28; Mak 8:31–9:1)
22 Apre sa Jezi di: “Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò.”
23 Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. 24 Paske moun ki ta vle sove lavi li, va pèdi l; men moun ki pèdi lavi li pou mwen, se moun sa k ap sove lavi li. 25 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 26 Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo. 27 Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”
Kèk nan disip yo wè Jezi ansanm ak Moyiz epi Eli
(Mat 17:1-8; Mak 9:2-8)
28 Anviwon uit jou konsa apre Jezi te fin di pawòl sa yo, li pran Pyè, Jan ak Jak, li monte sou yon mòn ansanm ak yo pou l al priye. 29 Etan Jezi t ap priye konsa, figi l chanje. Se kòmsi li vin gen yon lòt vizaj, rad sou li menm vin tou blan epi l ap briye. 30 Epi, men de mesye t ap pale ansanm ak li. Se te Moyiz ak Eli. 31 Mesye sa yo te parèt nan tout laglwa yo tou, yo t ap pale ak Jezi sou misyon li t apral akonpli nan lanmò li nan Jerizalèm. 32 Nan moman sa a, Pyè ansanm ak lòt mesye yo te gen yon move dòmi k ap kale yo. Lè yo reveye, yo wè Jezi nan laglwa li. Yo wè de mesye yo tou ki te kanpe ansanm ak Jezi. 33 Pandan mesye yo fè sa pou yo ale kite Jezi, Pyè di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la. Si ou dakò, m ap monte twa tant.[a] Youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.” Pyè pa t konnen twò byen sa l t ap di.
34 Pandan Pyè t ap di pawòl sa yo, yon nyaj vin kouvri yo. Pyè ansanm ak lòt de disip yo te pè anpil lè nyaj la kouvri yo a. 35 Se konsa yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!”
36 Lè vwa a fin pale, mesye yo wè Jezi poukont li ankò. Men yo pa t janm di pèsonn moun anyen nan lè sa a sou sa yo te wè a.
Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri
(Mat 17:14-18; Mak 9:14-27)
37 Nan demen, Jezi ansanm ak Pyè, Jan ak Jak desann mòn nan. Parèt yo parèt, yon gwo foul moun vin rankontre Jezi. 38 Yon mesye rete nan foul la, li kriye byen fò, li di: “Mèt, tanpri, vin gade pitit gason m nan pou mwen non. Se yon sèl pitit la mwen genyen. 39 Lè ou tande move lespri sa a sezi li, li fè l tonbe kriye byen fò, li souke l byen souke, li fè bouch li fè kim, li pa vle kite l ditou epi li maltrete l anpil. 40 Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.”
41 Jezi reponn: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a isit.”
42 Pandan ti gason an t ap vin jwenn Jezi, denmon an lage l atè. Li souke l byen souke. Men Jezi pale byen rèd ak move lespri a. Li geri ti gason an epi li remèt li bay papa l. 43 Tout moun yo te etone pou wè jan Bondye gen anpil pouvwa.
Jezi pale sou lanmò li
(Mat 17:22-23; Mak 9:30-32)
Pandan moun yo te nan etònman toujou pou sa Jezi t ap fè yo, Jezi di disip li yo konsa: 44 “Kenbe pawòl m pral di nou la yo byen nan tèt nou. Yo gen pou yo trayi Pitit Lòm nan. Yo gen pou yo livre l anba pouvwa lèzòm.” 45 Men disip yo pa t konprann anyen nan sa l te di yo a. Sans pawòl la te kache pou yo pa t konprann li. Men disip yo te pè poze Jezi kesyon sou sa l te di a.
Kilès ki pi gran?
(Mat 18:1-5; Mak 9:33-37)
46 Disip Jezi yo te tonbe nan yon diskisyon sou ki moun pami yo ki ta pi gran pase lòt yo. 47 Jezi li menm ki te konnen sa k te nan tèt yo, li pran yon ti moun, li mete l kanpe kote l. 48 Apre sa li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa ti moun sa a nan non mwen, se mwen menm menm li resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m nan. Paske moun ki pi piti nan pami nou an, se li menm ki pi gran.”
Nenpòt moun ki pa kont ou, li avèk ou
(Mak 9:38-40)
49 Jan pran lapawòl li di: “Mèt, nou wè yon moun k ap sèvi ak non ou pou l chase demon. Nou eseye fè l sispann, paske li pa youn nan nou.”
50 Men Jezi di: “Pa anpeche li. Paske nenpòt moun ki pa kont ou, li avè w.”
Yon ti bouk nan peyi Samari
51 Lè a te prèske rive pou Jezi te monte nan syèl, konsa, li te pran desizyon fèm pou dirije l sou Jerizalèm. 52 Li voye kèk mesaje ale devan. Mesaje yo ale, yo antre nan yon bouk nan peyi Samari pou yo te ka fè aranjman pou Jezi. 53 Men, moun yo nan bouk la pa t resevwa Jezi paske se Jerizalèm li t aprale. 54 Lè Jak ak Jan wè sa, yo di: “Mèt, ou pa ta vle nou rele dife sot nan syèl la tonbe sou yo, pou boule yo?”[b]
55 Jezi vire gade mesye yo, li raple yo a lòd.[c] 56 Apre sa, yo ale nan yon lòt bouk.
Swiv Jezi
(Mat 8:19-22)
57 Pandan yo te nan wout aprale, yon moun pwoche bò kote Jezi, li di l: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”
58 Jezi reponn li: “Rena yo gen tou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”
59 Apre sa li di yon lòt: “Swiv mwen.”
Men, nonm nan di Jezi konsa: “Mèt, pèmèt mwen al antere papa m anvan.”
60 Jezi reponn li: “Kite moun mouri yo antere moun mouri parèy yo. Men ou menm, al pwoklame wayòm Bondye a pito.”
61 Yon lòt moun ankò di Jezi konsa: “M ap swiv ou wi Mèt, men kite m al di fanmi m orevwa dabò.”
62 Men Jezi di li: “Nenpòt moun ki kòmanse laboure yon jaden epi ki vire gad dèyè li pa kalifye pou wayòm Bondye a.”
Pa mele nan adorasyon zidòl
10 Frè m ak sè m yo mwen vle fè nou konnen sa k te pase zansèt nou yo ki te avèk Moyiz. Yo tout te mache anba nyaj la.[a] Yo tout te travèse lanmè a. 2 Yo tout te fè youn ak Moyiz, tankou nan yon batèm[b] anba nyaj la ak nan lanmè a. 3 Yo tout te manje menm manje espirityèl la. 4 Yo tout te bwè menm bwason espirityèl la. Wi, yo te bwè nan gwo wòch espirityèl la ki t ap mache ak yo. Wòch sa a se te Kris la. 5 Men anpil ladan yo pa t fè Bondye plezi. Bondye touye yo nan dezè a.
6 Tout sa rive, pou nou ka pran egzanp, pou nou pa swiv move tras moun ki gen dezi pou move bagay. 7 Pa mele nan adorasyon zidòl menm jan avèk kèk pami yo. Men sa ki ekri nan Bib la: “Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Apre sa, yo leve kanpe pou pran tout kalite plezi malsen.”[c] 8 Pa lage kò nou nan imoralite seksyèl jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz 23,000 ladan mouri nan yon sèl jou. 9 Pa tante Kris[d] menm jan avèk kèk pami yo te fè. Sa te lakòz sèpan pike yo epi yo mouri. 10 Pa chita ap bougonnen menm jan kèk pami yo te fè. Sa te lakòz anj lanmò a te touye yo.
11 Tout sa k te rive moun sa yo la pou sèvi egzanp pou nou. Yo ekri bagay sa yo pou sèvi avètisman pou nou. N ap viv nan yon tan kote jou lafen an rive. 12 Se pou moun ki panse yo kanpe fèm veye zo yo pou yo pa tonbe. 13 Pa okenn tantasyon k ap parèt devan w ki pa t gen tan parèt devan lòt moun. Epi, Bondye fidèl. Li p ap kite w tante plis pase sa w kapab sipòte. Okontrè depi tantasyon an parèt, li gen tan fè chemen pou w kapab soti ladan.
14 An konklizyon zanmi m yo, retire kò w nan zafè adorasyon zidòl. 15 Nou se moun entèlijan. Jije sa m di a pou n wè si m pa pale verite a. 16 Nou di Bondye mèsi pou koup benediksyon an.[e] Lè nou bwè ladan l, li mete nou an kominyon ak san Kris la, pa vre? Pen an nou pataje a, li mete nou an kominyon ak kò kris la, pa vre? 17 Gen yon sèl pen. Konsa, anpil kou nou ka anpil, nou fè yon sèl kò paske nou manje nan menm pen an.
18 Konsidere pèp Izrayèl la: lè yo manje vyann bèt ki ofri sou lotèl la kòm sakrifis, yo vin an kominyon ak lotèl la, pa vre? 19 Kounye a èske m vle di zidòl oswa vyann yo sakrifye bay zidòl gen valè? Non! 20 Men sa m vle di an reyalite: sakrifis bèt yo se pou denmon yo ye, se pa pou Bondye. Donk, mwen pa vle pou nou an kominyon avèk denmon. 21 Nou pa ka ap bwè jodi a nan koup Senyè a epi demen nan koup denmon yo. Nou pa ka ap patisipe nan repa Senyè a epi pou n ap patisipe nan repa denmon yo tou. 22 Èske se jalouzi[f] nou vle pouse Senyè fè? Èske nou santi nou gen plis fòs pase Senyè a?
Fè tout sa n ap fè pou glwa Bondye
23 Nou di “Nou kapab fè tout bagay,” men se pa tout bagay ki bon bagay. Nou di “Nou ka fè tout bagay.” Men gen bagay nou fè ki pa ede lòt moun grandi. 24 Pa wè enterè pa nou. Chèche enterè lòt yo pito.
25 Manje depi se vyann moun achte nan mache. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon banm kesyon sou kote vyann sa a soti kote l pa soti. 26 Bib la klè sou sa: “Tè a ak tout sa ki ladan l, se pou Senyè a yo ye.”[g]
27 Yon moun ki pa konvèti envite w manje epi ou deside ale. Pa plede ap boulvèse konsyans ak yon bann kesyon. Manje tout sa yo mete devan w. 28 Men, si yon moun di w: “Vyann sa a se vyann sakrifis pou zidòl,” pa manje l. Wi, fè l konsa poutèt moun ki bay enfòmasyon an, men tou, se poutèt relasyon nou genyen youn ak lòt epi ak Bondye. 29 Mwen p ap pale de relasyon pa w ak Bondye, men m ap pale de relasyon moun ki bay enfòmasyon an ak Bondye. Pouki m relasyon ak yon lòt moun dwe sèvi limit pou libète m? 30 Si m di Bondye mèsi pou yon manje m ap manje, pouki pou m resevwa kritik pou menm manje sa a?
31 Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye. 32 Pa fè anyen ki ka lakòz okenn moun nan legliz Bondye a tonbe nan peche, kit li Jwif, kit li pa Jwif. 33 Fè menm jan avè m. Mwen fè sa m kapab pou m fè tout moun plezi nan tout bagay. Mwen pa chache enterè m. Mwen chache enterè lòt yo pou yo kapab sove.
Copyright © 2017 by Bible League International