M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi bay plis pase 4,000 moun manje
(Mat 15:32-39)
8 Yon lòt fwa ankò, yon gwo foul moun te rasanble epi yo pa t gen anyen pou yo manje. Lè sa a, Jezi rele disip li yo, li di yo. 2 “Kè m fè m mal pou moun yo, yo la avè m depi twa jou epi kounyea, yo pa gen anyen pou yo manje. 3 Mwen pa ka voye yo lakay yo tou grangou. Si yo ale konsa, yo ka tonbe feblès nan wout. Anpil ladan yo rete lwen isit la.”
4 Disip Jezi yo reponn li: “Nan zòn sa a, ki kote nou pral jwenn ase manje pou nou bay tout moun sa yo?”
5 Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?”
Yo reponn li: “Nou genyen sèt pen.”
6 Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. Apre sa, li pran sèt pen yo epi li remèsye Bondye pou yo. Li kase pen yo epi li bay disip li yo pou yo sèvi foul la. 7 Disip yo te gen kèk ti pwason tou. Jezi di Bondye mèsi pou ti pwason yo epi li mande disip yo pou yo separe yo bay moun yo tou.
8 Tout moun yo manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso ki rete yo, yo jwenn sèt panye. 9 Te gen apeprè 4,000 moun la. Apre sa Jezi voye yo al lakay yo. 10 Tousuit apre sa, Jezi monte nan yon bato ak disip li yo epi yo ale nan yon zòn ki rele Dalmanita.
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mat 16:1-4; Lik 11:16,29)
11 Farizyen yo vin kote Jezi epi yo kòmanse poze l kesyon. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. 12 Jezi fè yon gwo soupi epi li di: “Poukisa nou menm moun sa yo n ap mande mirak kòm siy? M a p di nou verite a: Pa gen yon mirak k ap fèt ki pral pwouve anyen pou nou.” 13 Apre sa, Jezi kite yo epi li monte nan ti bato a, li ale lòtbò rivyè a.
Disip Jezi yo mal konprann li
(Mat 16:5-12)
14 Disip yo te genyen yon pen avèk yo nan kannòt la. Yo te bliye pote pen. 15 Jezi avèti yo: “Pran prekosyon ak ledven Farizyen yo ansanm ak ledven Ewòd la.”
16 Disip yo t ap diskite sou siyifikasyon pawòl la epi yo t ap di: “Se poutèt nou pa gen pen ki fè l ap di sa.”
17 Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Alò, li mande yo: “Sou Kisa n ap pale konsa? Paske nou pa gen pen? Nou poko konprann toujou? Èske se fèmen n ap esye fèmen lespri nou pou pa konprann sa m ap eseye di nou? 18 Èske nou gen je ki pa kapab wè? Èske nou gen zòrèy ki pa kapab tande? Epi èske nou pa sonje sa m te fè lè nou pa t gen ase pen an? 19 Lè mwen te separe senk pen pou 5,000 moun nan, èske nou sonje tou konbyen panye nou te ranpli ak mòso ki te rete yo?”
Disip yo reponn li: “Nou te plen douz (12) panye.”
20 E lè m te separe 7 pen pou 4,000 moun nan, konbyen panye nou te ranpli ak rès pen yo pa t manje yo? Yo reponn li: “Nou te ranpli sèt panye.”
21 Lè sa a, Jezi di yo: “Nou pa ka konprann toujou?”
Jezi geri yon avèg nan vil Bètsayida
22 Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li. 23 Konsa, Jezi pran men nonm nan epi li sòti deyò vil la ak li. Apre sa, li krache nan je li, li mete men sou li epi li di l: “Èske ou wè kounye y a?”
24 Nonm nan gade epi li di: “Wi mwen wè moun, men yo sanble ak pyebwa k ap mache.”
25 Jezi mete men li sou je nonm nan ankò. Nonm nan ouvri je l byen laj, li te kapab wè ankò. Li te wè tout bagay byen klè. 26 Jezi voye nonm nan retounen lakay li. Li di li: “Pa antre nan vil la.”
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mat 16:13-20; Lik 9:18-21)
27 Jezi ak disip li yo ale nan vil yo ki nan zòn Sezare Filip la. Sou wout la Jezi mande disip li yo: “Ki lès nou tande yo di mwen ye?”
28 Yo reponn li: “Kèk moun di ou se Janbatis, yon lòt gwoup di ou se Eli. Gen lòt menm ankò ki di tou ou se youn nan pwofèt yo.”
29 Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?”
Pyè reponn li: “Ou se Kris la.”
30 Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mat 16:21-28; Lik 9:22-27)
31 Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 32 Li di yo sa byen klè.
Men, Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. 33 Men, Jezi fè yon vire, li gade disip li yo epi li repouse Pyè konsa: “Rale kò w sou mwen, Satan![a] Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”
34 Apre sa, Jezi rele foul la ak disip li yo, epi li di yo: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.” 35 Paske nenpòt moun ki vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men moun ki pèdi lavi l pou mwen ak levanjil la, l ap sove lavi li. 36 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 37 Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 38 Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.
Lavi nan Sentespri a
8 Kounye a, pa gen okenn kondanasyon pou moun Jezikri yo. 2 Paske Sentespri ki bay lavi a delivre w[a] anba lalwa ki pote peche ak lanmò a, pa mwayen Jezikri. 3 Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a. 4 Bondye fè sa pou n ka viv dapre sa Lalwa mande. Kounye a, nou p ap mache selon feblès nou. N ap mache dapre Sentespri a.
5 Moun k ap mache dapre feblès yo, yo panse sèlman ak sa yo vle. Men moun k ap mache anba kontwòl Sentespri a, yo panse selon volonte Sentespri a. 6 Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran. 7 Poukisa? Se paske, lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès lachè, li se lènmi Bondye: Li pa soumèt anba Lalwa Bondye. Dayè, li pa menm ka obeyi Bondye. 8 Moun ki anba kontwòl feblès lachè yo, yo pa ka fè Bondye plezi.
9 Men ou menm, ou pa anba kontwòl feblès lachè. Ou anba kontwòl Sentespri a si Lespri Bondye ap viv nan ou toutbon. Men, nenpòt moun ki pa gen Lespri Kris la nan li, li pa moun Kris la. 10 Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche. 11 Si Lespri Bondye ki resisite Jezi a ap viv nan nou se sèten l ap resisite kò nou tou pa mwayen Sentespri a k ap viv nan nou.
12 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13 Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.
14 Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15 Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,[b] Papa.” 16 Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17 Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikri. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.
N ap gen laglwa yon jou
18 Soufrans n ap andire kounye a pa anyen devan laglwa n ap jwenn pi devan. 19 Tout sa Bondye te kreye yo ap tann ak pasyans ki lè Bondye va devwale moun ki pitit li yo[c] toutbon. 20 Tout sa Bondye te kreye tonbe anba madichon ki anpeche yo jan Bondye vle pou yo ye a. Se pa t pwòp chwa pa l, men se Bondye ki fè sa rive konsa avèk espwa sa: 21 kreyasyon an p ap kontinye rete esklav anba fòs sa yo k ap detwi l. Bondye vle kreyasyon an jwi menm libète ak laglwa pitit Bondye yo va genyen.
22 Nou konnen se plenn tout kreyasyon an ap plenn, jouk jodi a, menm jan ak yon fanm ansent k ap akouche. 23 Se pa sèlman kreyasyon an, men nou menm tou ki gen Sentespri Bondye a kòm garanti. N ap plenn ak lapenn nan kè nou pandan n ap tann lè a fin rive nèt, lè pou nou jwenn adopsyon nou kòm pitit Bondye, lè pou kò nou rive libere. 24 Bondye sove nou pou n ka gen espwa sa a. Se pa yon bagay nou wè kounye a. Si nou te ka wè sa, sa pa t ap yon espwa. Yon moun p ap espere sa l gentan genyen. 25 Men, nou gen espwa nou sou yon bagay nou pako wè. N ap tann li ak pasyans.
26 Sentespri a ede nou tou, paske nou sitèlman fèb. Nou pa menm konnen kijan pou n ta priye, men Sentespri a li menm pale ak Bondye pou nou, li sèvi ak soupi nou pa menm gen mo pou n ta tradui yo. 27 Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.
28 Nou konnen Bondye[d] ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa. 29 Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikri, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè. 30 Bondye planifye pou yo vin menm jan ak pitit li a. Li chwazi deklare yo jis devan l. Epi lè l fin deklare yo jis devan li, li ba yo laglwa li.
Bondye renmen nou nan Jezikris
31 Ki sa n ta di sou sa? Poutèt Bondye pou nou, ki moun ki ka kanpe kont nou? 32 Menm pwòp pitit li Jezikri Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikri, pitit li a. 33 Ki lès ki ka akize moun Bondye chwazi yo? Pèsòn! Se Bondye ki deklare yo jis devan li. 34 Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikri te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou. 35 Èske gen yon bagay ki ka separe nou ak renmen Kris la? Èske se kalamite lavi, pwoblèm oubyen pèsekisyon ki ta separe nou ak renmen li? Si nou pa ta gen manje pou n manje oubyen rad pou n mete oubyen nou ta devan danje, menm devan lanmò, èske sa yo ka separe nou ak renmen li? 36 Jan Bib la di l,
“Poutèt ou menm nou kontre danje pou mouri tout tan.
Moun vin gade nou menm ak mouton yo pral touye.”[e]
37 Men nan mitan tout pwoblèm sa yo, nou gen laviktwa total poutèt Bondye ki montre renmen li genyen pou nou. 38-39 Wi, mwen sèten, anyen p ap ka separe nou ak lanmou Bondye: kit se lanmò, kit se lavi, kit se anj yo oubyen espri yo k ap gouvène an lè a, kit se move lespri yo, kit se bagay k ap pase kounye a, kit se bagay ki va vini, kit se sa yo ki gen pouvwa, kit se fòs ki soti anwo nan syèl, kit se fòs ki soti anba sou latè, kit se nenpòt bagay nan kreyasyon an, pa gen anyen ki ka separe nou ak lanmou Bondye montre nou nan Jezikri, Senyè nou an.
Copyright © 2017 by Bible League International