M’Cheyne Bible Reading Plan
Gouvènè Pilat ap kesyone Jezi
(Mat 27:1-2,11-14; Lik 23:1-5; Jan 18:28-38)
15 Byen bonè nan maten, chèf prèt yo, ansyen yo, direktè Lalwa yo, ak tout Sanedren an fè yon plan. Yo mare Jezi, yo mennen l bay Pilat.
2 Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?”
Jezi reponn li: “Se sa ou di.”
3 Chèf prèt yo mete anpil akizasyon sou Jezi. 4 Epi Pilat poze l kesyon ankò, li di l “A pa ou pa menm replike? Gade valè akizasyon y ap lage sou do w?”
5 Malgre sa, jezi pa janm reponn anyen. Pilate te sezi wè sa.
Pilat eseye libere Jezi
(Mat 27:15-31; Lik 23:13-25; Jan 18:39–19:16)
6 Chak ane, nan sezon Fèt Pak la, Pilat te konn lage nenpòt prizonye pèp la vle. 7 Te gen yon nonm yo te rele Barabas ki te nan prizon ak yon gwoup rebèl ki te touye yon moun nan yon soulèvman.
8 Foul la vin kote Pilat epi yo mande l pou l lage yon prizonye jan l te konn abitye fè sa. 9 Pilat reponn yo, li di: “Èske nou ta vle m lage wa Jwif la ban nou?” 10 Pilat te di sa, paske li konnen se jalouzi ki fè chèf prèt yo te livre Jezi nan men l. 11 Men chèf prèt te pouse foul la mande lage Barabas ba yo pito.
12 Konsa Pilat mande pèp la ankò: “Kisa menm nou ta vle m fè ak nonm sa a nou rele wa Jwif yo?”
13 Yo pran rele byen fò: “Kloure l sou yon kwa!”
14 Men Pilate di yo: “Men Poukisa? Ki krim li fè?” Men foul la pran krye pi fò toujou: “Kloure l sou yon kwa!”
15 Nan sousi pou fè foul la plezi, Pilat lage Barabas. Epi li livre Jezi bay sòlda pou y al krisifye l, apre l te fin fè yo bat li byen bat.
16 Sòlda yo mennen Jezi nan lakou palè gouvènè a. Yo rasanble tout lòt sòlda yo. 17 Yo mete yon rad mov[a] sou li, yo fè yon kouwòn pikan, epi yo mete l sou tèt li. 18 Epi yo kòmanse rele byen fò: “Viv, wa Jwif yo.” 19 Yo kontinye bat li nan tèt ak yon baton, yo t ap krache sou li epi mete ajenou devan l tankou se adore yo t ap adore l. 20 Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad mov la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa, yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Yo klouwe Jezi sou you kwa
(Mat 27:32-44; Lik 23:26-43; Jan 19:17-19)
21 Sou wout la, yo jwenn yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, ki t ap soti nan jaden. Li te papa Aleksann ak Rifis. Sòlda yo fòse Simon pote kwa Jezi a. 22 Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota, ki vle di: “zo tèt.” 23 Se la yo ba li divin melanje ak lami, men li pa t bwè l. 24 Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li, pou wè kisa chak moun ta jwenn.
25 Li te nevè nan maten konsa, lè yo te klouwe Jezi sou kwa a. 26 Sa yo te ekri kòm rezon kondanasyon: nonm sa a, se li menm ki wa Jwif yo. 27 Yo te klouwe de kriminèl sou kwa tou ansanm ak li, youn adwat, youn agoch. 28 [b]
29 Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Gade misye, se pa ou menm ki t ap di ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? 30 Ebyen, kounye a sove tèt ou, desann kwa a!”
31 Se te menm jan tou, chèf prèt yo ak direktè Lalwa yo t ap pase li nan betiz, yo t ap di youn lòt: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. 32 Si l se Kris la, wa Izrayèl la, se pou l desann kwa a, pou nou wè, epi n ap kwè nan li.” Menm kriminèl ki te klouwe sou lòt kwa yo t ap pase l nan betiz tou.
Jezi mouri
(Mat 27:45-56; Lik 23:44-49; Jan 19:28-30)
33 Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. 34 A twazè, Jezi rele byen fò: “Eloyi, Eloyi, lama sabaktani.” Sa te vle di: “Bondye m, Bondye m, poukisa ou abandone m?”[c]
35 Kèk nan moun ki te la yo te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Tande, men l ap rele Eli.”[d]
36 Yon nonm kouri al tranpe yon eponj nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl bwa epi li lonje l bay Jezi pou l bwè. Epi li di: “Tann! Ann gade si Eli ap vin desann li sou kwa a.”
37 Apre sa, Jezi pouse yon gwo, epi li mouri.
38 Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. 39 Lè ofisye lame a ki te kanpe toupre a, anfas Jezi wès mouri nan fason sa a, li di: “Anverite nonm sa a te reyèlman Pitit Bondye.”
40 Te gen kèk fanm ki te rete a yon distans ap gade. Pami yo, te genyen Mari, moun Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Joz epi Salome. 41 Lè Jezi te nan Galile, medam sa yo t ap swiv li epi yo te sèvi l. Te gen anpil lòt fi tou ki te la ki te monte Jerizalèm ak Jezi tou.
Yo antere Jezi
(Mat 27:57-61; Lik 23:50-56; Jan 19:38-42)
42 Se te nan aswè, kòm yo te bezwen kòmanse fè preparasyon, nan lavèy jou saba, 43 Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi.
44 Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre. 45 Lè ofisye a fè Pilat konnen byen sa ki te rive, Pilat bay Jozèf kadav la.
46 Se konsa Jozèf achte twal len, li desann Jezi sou kwa a, li vlope kò a nan twal len yo epi li mete Jezi nan yon kavo yo te taye nan wòch. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. 47 Mari, moun Magdala a, ak Mari, manman Joze t ap obsève pou wè kote yo te antere Jezi.
15 Nou menm ki pa gen pwoblèm avèk bagay sa yo, se pou n gen pasyans devan lòt yo ki pa fò menm jan ak nou epi ki gen kèk dout. Nou pa dwe ap chache fè sa ki fè n plezi. 2 Se pou nou chak ap chache fè pwochen nou plezi nan fè sa ki byen, pou yo ka grandi pou vini pi fò nan lafwa yo. 3 Men Kris pa t ap chache fè pwòp tèt li plezi. Jan Pawòl Bondye di sa, “Lè moun yo ap joure w, m santi se mwen y ap joure.”[a] 4 Tout sa ki te ekri nan Pawòl la nan tan pase, yo te ekri pou ban nou enstriksyon. Yo te ekri pou fè nou viv ak espwa pa mwayen pasyans ak ankourajman yo. 5 Se nan Bondye pasyans ak ankourajman soti. M ap priye pou Bondye ede nou viv an amoni youn ak lòt, nan swiv egzanp Jezikri. 6 Lè sa a, nou tout ap ansanm. Epi tout moun ansanm, n ap bay Bondye, papa Jezikri, Senyè nou an laglwa. 7 Nou tou, se pou n resevwa youn lòt, menm jan Kris li menm, li te resevwa nou pou bay Bondye glwa. 8 M di nou Kris te vini kòm sèvitè pou Jwif yo pou montre kijan Bondye fidèl. Li fè sa, pou l te ka akonpli pwomès Bondye te fè zansèt Jwif yo. 9 Kris te fè sa tou pou moun ki pa Jwif yo te ka fè lwanj pou Bondye pou gras li anvè yo. Pawòl Bondye di:
“Se poutèt sa m va fè fèt pou di w mèsi pami moun lòt nasyon yo;
Se poutèt sa m va di w mèsi.”[b]
10 Epi Bib la di ankò,
“Nou menm moun lòt nasyon yo,
se pou n rejwi nou tou ak pèp Bondye a.”[c]
11 Bib la di ankò,
“Louwe Senyè a, nou menm moun lòt nasyon yo;
Tout moun, chante pou fè lwanj Senyè a.”[d]
12 Epi Ezayi di,
“Gen yon moun k ap leve nan ras fanmi Jese.[e]
L ap vini pou l gouvène nasyon yo,
epi y ap mete espwa yo nan li menm.”[f]
13 Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.
Pòl ap pale sou travay li
14 Pou mwen menm frè m ak sè m yo, m sèten nou plen ak bòn volonte. Epitou, nou konnen tout sa nou ta dwe konnen. Nou ka bay youn lòt konsèy. 15 Poutan, m ap pran libète nan lèt sa a pou m pale avè nou sou kèk bagay m ta renmen nou sonje. Se bagay nou deja konnen. M ap fè sa paske Bondye, nan gras li, 16 li fè m vin sèvitè Jezikri pami moun ki pa Jwif yo. Li mete m apa pou preche mesaj Levanjil li a. Konsa, moun ki pa Jwif yo ka tounen yon bon ofrann pou Bondye. Epi se Sentespri a ki fè ofrann gen valè nan je Bondye.
17 M fyè pou travay m fè pou Bondye paske m se moun Jezikri. 18 Epi, si m oze pale sou kèlkeswa bagay mwen fè, se sèlman pou m di sa Kris fè avè m kòm enstriman li. Li sèvi avè m pou l fè moun ki pa Jwif yo vin obeyi Bondye. Li fè yon seri bagay ekstrawòdinè ak pawòl ak aksyon mwen pa mwayen pouvwa Sentespri Bondye a 19 ak zèv puisans li. Soti Jerizalèm, rive nan rejyon Iliri, mwen preche Levanjil Kris la nèt. 20 Men, mwen te toujou vle preche Levanjil sèlman nan zòn ki pa ko konnen Kris. M fè sa, pou m pa bati sou fondasyon lòt moun gentan prepare. 21 Men, selon sa Bib la di,
“Moun yo pa t anonse sa ap wè,
epi moun ki pa t tande pale de li ap konprann.”[g]
Pòl fè plan vizite Wòm
22 Se travay sa a ki kenbe m, ki fè anpil fwa, m pa gentan vin wè nou.
23 Depi plizyè lane, mwen te vle vizite nou. Kounye a, travay mwen fini nan zòn sa yo. 24 M ap pase vizite nou lè m pral an Espay. Paske m swete wè nou pandan m ap pase, pou n ka gen yon bon moman ansanm. M swete nou va ede m kontinye pouswiv vwayaj mwen tou.
25 Kounye a, se Jerizalèm m prale, pou m al ede pèp Bondye a. 26 Gen kèk nan yo ki pòv. Konsa, legliz kretyen Masedwàn ak Akayi yo te vle ede yo. Yo fè yon ofrann voye pou yo. 27 Yo te kontan fè sa. Se kòm si yo te gen yon dèt pou legliz nan Jerizalèm. Paske yo pa Jwif, epi yo te jwenn benediksyon espirityèl pa mwayen Jwif yo. Konsa, yo t ap sèvi ak benediksyon materyèl yo genyen pou yo ede Jwif yo. 28 M ap ale Jerizalèm pou m ka sèten pòv yo resevwa lajan yo te bay pou yo a.
Lè m fin fè sa, m ap pati pou m al an Espay epi m ap rete nan chemen pou m pase vizite nou. 29 M konnen, rive m rive kote nou, m ap pote anpil benediksyon Kris pou nou.
30 Frè m ak sè m yo, men sa m mande nou, se pou n ede m lite nan lapriyè n ap fè monte bò kot Bondye pou mwen, grenmesi Jezikri ak renmen Sentespri a ban nou. 31 Priye pou m ka delivre anba moun Jide yo ki refize aksepte mesaj nou preche a. Priye pou èd m ap pote Jerizalèm nan ka fè pèp Bondye a plezi tou. 32 Lè sa a, si Bondye dakò avè m, m ap vin kote nou ak lajwa epi m va pran yon ti repo ansanm ak nou. 33 Se pou Bondye ki bay lapè a rete avèk nou tout! Amèn.
Copyright © 2017 by Bible League International