M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-8; Lik 24:1-12; Jan 20:1-10)
16 Nan dimanch maten, Mari, moun Magdala a, avèk Mari, manman Jak epi Salome, yo te achte luil santi bon pou t al anbome kò Jezi. 2 Byen bonè, nan dimanch maten sa a, apèn solèy la t ap leve, medam yo vini nan kavo. 3 Epi yo t ap mande tèt yo: “kilès ki pral woule wòch sa a pou nou devan bouch kavo a?”
4 Lè yo leve tèt yo gade, yo wè wòch la te gen tan woule. Se te yon kokenn chenn wòch. 5 Lè yo antre nan kavo a, yo wè yon jèn gason toudeblan chita sou bò dwat la. Medam yo te sezi anpil.
6 Men, jèn gason di yo: “Nou pa bezwen pè. N ap chache Jezi, moun Nazarèt la yo te klouwe sou kwa a. Li resisite. Li pa isit la. Vin wè kote kadav la te yo te mete l la.” 7 Apre sa kouri vit al di disip li yo ansanm ak Pyè: “Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.”
8 Medam yo fè yon sèl voltije sòti nan kavo a, yo t ap tranble tèlman yo te sezi. Yo pa di pèsonn moun anyen, paske yo te pè.[a]
Kèk disip Jezi wè l
(Mat 28:9-10; Jan 20:11-18; Lik 24:13-35)
9 Apre Jezi te fin resisite byen bonè nan dimanch maten an, li parèt anpremye devan Mari, moun Magdala a. Se sou li Jezi te chase sèt demon. 10 Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye. 11 Lè yo tande Jezi vivan epi Mari te wè l, disip yo te refize kwè sa.
12 Apre sa, Jezi parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip li yo ki t apral andeyò. 13 De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
14 Nan pita, li parèt devan onz apot yo pandan yo t ap manje. Li repwoche yo poutèt yo te refize kwè. Tèt yo te di epi yo refize kwè moun ki te di yo Jezi te resisite.
15 Li di yo: “Ale tout kote nan lemonn antye preche tout moun Bòn Nouvèl la. 16 Nenpòt ki kwè epi ki batize va sove, men moun ki pa kwè ap kondane. 17 Men siy ki ap akonpanye moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou chase demon, y ap pale nan lang yo pa janm aprann. 18 Y ap kenbe koulèv ak men yo epi si yo bwè pwazon yo p ap gen anyen. Y ap mete men sou moun malad epi malad yo va geri.”
Jezi retounen nan syèl
(Lik 24:50-53; Trav 1:9-11)
19 Apre li fin pale ak yo, Jezi Senyè a monte nan syèl epi li chita adwat Bondye. 20 Apot yo ale epi yo preche toupatou. Senyè a te avèk yo. Li t ap konfime mesaj yo t ap preche a avèk mirak ki te akonpanye yo.
Dènye Pawòl
16 M rekòmande nou sè Febe. Li se yon dyakonès nan legliz ki nan lavil Sankre. 2 Resevwa li nan non Senyè a. Ede l nan nenpòt fason l ta gen bezwen. Li menm, li se yon byenfetè pou anpil moun, mwen menm, m se youn nan yo. Resevwa l nan jan moun Bondye yo ta fè sa.
3 Salye Prisil ak Akilas pou mwen. Yo se kolaboratè mwen nan Jezikri. 4 Yo te riske lavi yo pou yo te ka sove m. M genyen yo rekonesans, epi tout legliz pami moun ki pa Jwif yo genyen yo rekonesans tou.
5 Salye legliz ki reyini lakay yo a tou.
M ap salye bon zanmi m Epayinèt. Se te premye moun ki te aksepte Kris an Azi.
6 Salye Mari pou mwen tou. Li te travay anpil pou ou menm.
7 Salye Andwonikis ak Jinya. Moun sa yo se fanmi mwen epi yo te nan prizon avè m. Yo menm te disip Kris anvan m. Epi yo fè pati moun ki pi enpòtan Kris voye pou fè travay li[a]
8 Salye Anpliyatis, bon zanmi m nan Senyè a. 9 Salye Ibanis tou. Li te travay ansanm avè n pou Kris la. Salye Estakis tou, zanmi m 10 ak Apelès ki bay prèv li se yon bon disip Kris.
Salye tout moun nan fanmi Aristobil pou mwen, 11 salye Ewodyon, fanmi mwen.
Salitasyon pou tout moun nan fanmi Nacis, se moun Senyè a yo ye. 12 Salye Trifèn ak Trifoz, medam sa yo travay di pou Senyè a. Salye bon zanmi m Pèsid, li te travay di pou Senyè a tou.
13 Salitasyon pou Rifi tou, se youn nan moun Senyè a chwazi yo, pou manman l tou, li te yon manman pou mwen.
14 Salye Asenkrit, Flegon, Èmès, Patwobas, Èmas, pou mwen ak tout lòt frè ak sè yo ki avèk yo tou.
15 Salye Filològ ak Jilya, Nere ak sè l la, Olenpas, ak tout pèp Bondye a ki avèk yo.
16 Salye youn lòt ak yon bèl akolad[b]
Tout Legliz Kris yo voye salye nou.
17 M ap ankouraje nou, frè m ak sè m yo, fè atansyon ak moun k ap pwovoke divizyon epi k ap fè moun tonbe nan peche, sa pa mache ak ansèyman nou te resevwa deja. Retire kò nou kote moun sa yo. 18 Se pa Kris, Senyè nou an moun sa yo ap sèvi. Yo sèlman ap fè vant yo plezi. Y ap sèvi ak bèl pawòl, y ap flate w, moun ki sispèk yo, yo twonpe yo. 19 Tout moun tande pale kijan n ap obeyi Senyè a, m santi m kontan pou sa. M ta renmen nou se moun ki saj nan fè sa ki byen, m pa ta renmen nou se moun ki lage kò nou nan fè sa ki mal.
20 Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou.
Gras Senyè nou an Jezi avè n!
21 Timote, kolaboratè mwen, ap salye nou. Lisiyis, Jazon ak Sozipatè tou (moun sa yo se fanmi mwen), yo voye salye nou.
22 Mwen menm, Tèsiyis, sekretè Pòl, k ap ekri lèt sa a, mwen voye anpil salitasyon pou nou nan non Senyè a.
23 Gayis ap salye nou. Se lakay li m ye. Epi se lakay li tout legliz la reyini. Eras, trezorye vil la, ap salye nou ak Katis tou, se yon frè nou. 24 [c]
25 An n fè lwanj pou Bondye! Se li menm ki ka fòtifye nou nan lafwa selon Levanjil m ap preche a, dapre Jezikri, dapre konesans Bondye ban nou sou mistè ki te kache depi lontan. 26 Mistè sa a devwale jodi a, pa mwayen sa pwofèt yo te ekri dapre lòd Bondye te bay. Tout nasyon yo vin konnen sa kounye a, poutèt pou yo ka obeyi ak lafwa nan Bondye. 27 Glwa pou Bondye pa mwayen Jezikri pou tout tan, li menm sèl ki gen sajès. Amèn.
Copyright © 2017 by Bible League International