M’Cheyne Bible Reading Plan
Jezi se mèt jou saba a
(Mat 12:1-8; Mak 2:23-28)
6 Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. 2 Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou saba a?”
3 Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4 Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” 5 Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou saba a.”
Jezi geri yon nonm yon jou saba
(Mat 12:9-14; Mak 3:1-6)
6 Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. 7 Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou saba a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. 8 Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. 9 Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou saba a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?”
10 Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. 11 Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.
Jezi chwazi douz apot li yo
(Mat 10:1-4; Mak 3:13-19)
12 Kèk jou apre, Jezi te ale sou yon ti mòn pou l priye. Li te pase tout nuit la nèt ap priye Bondye. 13 Lè l te fè jou, li rele disip li yo. Li chwazi douz nan pami yo li te rele apot tou.
14 Simon, Jezi te rele l Pyè tou;
Andre, frè Simon an,
Jak,
Jan,
Filip,
Batèlmi.
15 Matye,
Toma,
Jak, pitit Alfe a,
Simon, sa yo te rele zelòt la.
16 Jid, pitit Jak la,
Jida Iskaryòt (sa k te trayi Jezi a).
Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun
(Mat 4:23-25; 5:1-12)
17 Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, 18 Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19 Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.
20 Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:
“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
21 Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a,
paske vant nou pral plen.
Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a,
paske kè nou pral kontan.
22 Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. 23 Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou.
24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo,
paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit.
25 Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a,
paske n ap gen pou n grangou.
Malè pou nou menm k ap ri kounye a,
paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.
26 Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”
Renmen lènmi ou
(Mat 5:38-48; 7:12a)
27 “Men sa m ap di nou, nou menm k ap koute m: Renmen lènmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou. 28 Mande Bondye pou l beni moun ki mande pou move bagay rive nou. Priye pou moun ki maltrete nou. 29 Si yon moun frape w nan yon bò machwè w, vire lòt bò a ba li tou. Si yon moun pran vès w, kite l pran chemiz la tou. 30 Nenpòt moun ki mande w, ba li. Nenpòt moun ki pran afè w, pa mande l remèt ou yo. 31 Sa ou ta renmen lòt moun fè pou ou, fè menm bagay pou yo.
32 Si ou renmen moun ki renmen w sèlman, èske ou panse Bondye dwe rekonpanse w pou sa? Non, paske menm moun k ap viv nan peche yo renmen moun ki renmen yo. 33 Menm jan an tou, si ou fè byen pou moun ki fè byen pou ou, ki merit ou genyen pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo fè menm bagay la tou. 34 Si nou prete moun nou konnen ki ka renmèt nou, èske n panse Bondye ta dwe rekonpanse nou pou sa? Menm moun k ap viv nan peche yo prete moun k ap viv nan peche parèy yo pou yo renmèt yo menm kantite a.
35 Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo. 36 Se pou nou gen kè sansib, menm jan Bondye Papa nou gen kè sansib.
Piga youn kritike lòt
(Mat 7:1-5)
37 Pa jije moun si ou pa vle Bondye jije w tou. Pa kondane moun, konsa Bondye p ap kondane w non plis. Padone moun, konsa Bondye a padone w tou. 38 Se pou nou bay, konsa Bondye ap ban nou tou. N a resevwa anpil. Dyakout nou ap tèlman byen ranpli, l ap fè tiyon, epi l ap ranvèse. Paske jan ou trete lòt moun se konsa Bondye ap trete w tou.”
39 Apre sa, li rakonte yo yon parabòl. Èske yon avèg kapab mennen yon lòt avèg? Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou. 40 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.
41 Pouki sa ou wè ti pay ki nan je frè w la, epi ou pa wè bout bwa ki nan pwòp je pa w la? 42 Ki jan ou fè ka di frè ou: “Frè m, kite m retire ti pay ki nan je w la.” Alòske ou pa wè bout bwa ki nan je pa w la? Ipokrit. Se bout bwa ki nan je w la pou ou retire anvan. Apre sa ou ap wè klè pou retire ti pay ki nan je frè w la.
Aksyon w montre kilès ou ye
(Mat 7:17-20; 12:34b-35)
43 Yon bon pyebwa pa janm donnen move fwi, ni yon move pyebwa pa donnen bon fwi. 44 Yo rekonèt kalite yon pyebwa pa mwayen fwi li donnen. Paske yo pa janm keyi fig sou pye pikan. Ni yo pa janm ranmase keyi rezen sou touf pikan. 45 Bon moun gen bon bagay sere nan kè yo. Se sa k fè yo di bon bagay. Men moun ki mechan, se mechanste ki ranpli kè yo. Se sa k fè se move bagay yo di. Sa yon moun di ak bouch li se nan kè l li soti.
De kalite moun
(Mat 7:24-27)
46 Pou kisa n ap rele m Senyè, Senyè tandiske nou pa fè sa mwen di? 47 Moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen epi ki mete l an pratik, mwen pral montre nou ak kilès yo sanble. 48 Yo tankou yon moun k ap bati yon kay. Li fouye byen fon epi li chouke fondasyon kay la sou wòch. Lapli tonbe anpil epi gwo dlo frape kay la pou ta pote l ale. Men kay la pa brannen, paske li te byen bati.
49 Men moun ki tande pawòl la ki pa mete l an pratik, li tankou yon moun ki bati yon kay atè san fondasyon pou kenbe l. Lè gwo dlo frape kay la, lapoula kay la tonbe, li kraze nèt.
Konsènan maryaj
7 Kounye a mwen pral reponn kesyon nou te poze m nan lèt nou te voye a. Kèk nan nou mande m èske l pa t ap pi bon pou yon nonm pa fè sèks ditou. 2 Men poutèt peche seksyèl se yon gwo danje, se pou chak gason pran anpil plezi nan pwòp madanm li, se pou chak madanm pran anpil nan pwòp mari li. 3 Yon mari dwe ranpli wòl mari li nan relasyon l ak madanm li. Yon madanm dwe fè devwa madanm li nan relasyon l ak mari li. 4 Madanm lan pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò madanm nan se pou mari l li ye. Menm jan an tou, yon mari pa ka fè sa l vle ak kò li. Kò mari a se pou madanm li. 5 Mari ak madanm pa dwe refize fè sèks youn ak lòt. Sèlman, nou ka antann nou alavans pou fè yon ti kanpe sou afè sèks pou nou pase tan nan lapriyè. Touswit apre, retounen ansanm pou Satan pa pwofite pwen fèb nou pou tante nou. 6 Mwen di sa pou m ka ban nou pèmisyon pou nou fè yon ti separe pou yon ti tan. Se pa yon lòd m ap pase. 7 Mwen swete tout moun te menm jan avè m. Men mwen rekonèt Bondye bay chak moun don pa yo. Li pèmèt youn viv yon fason. Li bay kèk moun kapasite pou yo viv yon fason, kèk lòt menm li ba yo kapasite pou viv yon lòt fason.
8 Kounye a pou moun ki pa marye yo ak sa yo ki vèv, men sa m ap di: Se yon bon bagay pou nou rete selibatè menm jan avè m. 9 Men si nou pa ka kontwole kò nou, se pou nou marye. Li pi bon pou nou marye olye anvi seksyèl limen boukan dife nan kò nou.
10 Pou moun ki marye yo, m ap pase nou yon lòd. An reyalite, se Senyè a li menm ki pase lòd sa a: yon madanm pa dwe separe ak mari li. 11 Men oka ou sa ta rive, se pou madanm rete san lòt gason oubyen se pou l tounen ak mari li. Menm jan tou yon mari pa gen dwa divòse ak madanm li.
12 Men konsèy mwen gen pou lòt moun yo. Senyè a pa t abòde aspè sa a nan ansèyman l yo. Si yon mari kwayan gen yon madanm ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 13 Si yon madanm kwayan gen yon mari ki pa kwayan ki dakò pou rete viv avè l, li pa dwe divòse avè l. 14 Mari ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon l ak madanm li ki kwayan. Madanm ki pa kwayan an vin pi pwòch Bondye poutèt relasyon li ak ki kwayan. Si se pa sa, pitit yo fè t ap tankou moun ki pa gen anyen pou wè ak Bondye. Poutan yo trè pwòch Bondye.
15 Men si mari a oubyen madanm ki pa kwayan an deside pou l retire kò l, kite l ale. Lè ka sa a rive, kwayan an, swa mari a swa madanm nan, li lib pa rapò ak relasyon sa a. Bondye rele pou nou viv anpè. 16 Ou pa janm konnen! Se petèt ou menm madanm Bondye ap sèvi pou sove mari w. Se petèt ou menm mari, Bondye ap sèvi pou sove madanm ou.
Viv nan kondisyon Bondye te rele w la
17 Sèlman, se pou chak moun kontinye viv selon lòd Senyè a ba li ak nan kondisyon Bondye te rele l la. Sa se prensip mwen bay kwayan nan tout legliz yo pou yo swiv. 18 Ou te gen tan sikonsi lè Bondye te rele w, pa chache fè operasyon pou defèt sikonsizyon an. Ou pa t sikonsi lè Bondye te rele w pa chache sikonsi. 19 Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye. 20 Se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la. 21 Èske w te esklav lè Bondye te rele w? Pa ba tèt ou pwoblèm. Men si ou jwenn okazyon pou vin lib, pwofite opòtinite a. 22 Esklav Senyè a rele a se yon moun lib li ye. Se Senyè a ki mèt li. Moun lib Senyè a rele a vin tounen esklav li. 23 Bondye achte w chè. Pa vin tounen esklav pèsonn. 24 Frè m ak sè m yo, se pou chak moun rete nan kondisyon Bondye te rele l la.
Ka moun ki pa marye yo
25 Kounye konsènan ka moun ki pa marye yo,[a] mwen pa resevwa okenn lòd espesyal nan men Senyè a. Men mwen vle bay yon opinyon nou ka fè konfyans. Bondye fè m gras nan sans sa a. 26 Akoz jan tan an ye kounye a, li pi bon pou rete jan w ye a. 27 Ou marye ak yon fi? Pa chache kraze maryaj ou! Ou pa gen madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men se pa yon peche si ou deside marye. Se pa yon peche si yon demwazèl ki pa ko janm marye deside pou l marye. Sèlman, moun ki marye ap gen pou fè fas ak traka lavi chak jou a, epi m pa ta renmen sa pou ou.
29 Frè m ak sè m yo, men sa m vle di: Pa gen anpil tan ki rete ankò. Konsa depi kounye a, yon nonm ki gen madanm ta dwe viv san sousi tankou yon nonm ki pa gen madanm. 30 Yon moun k ap kriye oubyen yon moun ki nan kè kontan, se pou yo pa bay sa enpòtans. Si ou achte yon bagay, ou pa bezwen fè kè w kontan paske ou vin posede l. 31 Nou ta dwe sèvi ak bagay ki nan mond lan san kite yo vin enpòtan pou nou. Se konsa nou ta dwe viv, paske mond sa a, jan lye kounye a, l ap disparèt nan yon ti kras tan ankò.
32 Mwen pa vle nou chaje tèt nou. Tout sousi yon nonm ki pa marye se pou travay Senyè a. L ap chache jan pou l fè Senyè a plezi. 33 Men yon nonm marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè madanm li plezi. 34 Konsa atansyon l divize an de. Menm jan an tou yon dam ki pa marye oubyen yon demwazèl ki pa t janm marye, sèl sousi li se travay Senyè a. Li mete kò ak lespri l toutantye nan sèvis Senyè a. Men yon dam marye gen anpil sousi pou bagay nan mond sa a, paske l ap chache wè kijan pou l fè mari l plezi. 35 Sa m ap di w la se enterè w m ap chache, se pa pye m ap chache mare. Mwen ta renmen chwazi pi bon jan pou nou sèvi Senyè a san distraksyon.
36 Si yon jèn gason santi li fè fiyanse l ditò poutèt li pa ko marye avè l. Li pa ka kontwole pasyon kò li[b] Si santiman yo tèlman fò youn pou lòt pou yo ta rete san yo pa marye. Se pou yo marye! Se pa yon peche. 37 Men yon nonm ki gen fèm konviksyon epi ki pa anba presyon ki deside ak pwòp volonte l pou pa marye, li pa fè anyen ki mal. 38 Yon nonm ki marye fè byen. Yon nonm ki pa marye fè pi byen toujou.
39 Yon madanm dwe rete marye ak mari l toutotan li vivan. Men si mari a mouri, madanm nan lib pou l marye ak moun li vle. Sèl kondisyon: fòk moun sa se yon disip Senyè a. 40 Men li t ap pi bon pou dam sa a si l te ret konsa. Sa se opinyon pa m. Mwen konsidere Sentespri a apwouve sa.
Copyright © 2017 by Bible League International