Add parallel Print Page Options

Jezi ap pale sou kesyon konfli

(Lik 6:29-30)

38 Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.[a] 39 Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40 Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41 Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt[b] pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42 Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.

Renmen lènmi ou

(Lik 6:27-28,32-36)

43 Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.[c] 44 Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45 Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46 Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47 Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48 Konsa, men sa m ap di ou: bonte[d] ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:38 Sitasyon sa a soti nan Egz 21:24; Lev 24:20; Det 19:21.
  2. 5:41 yon kilomèt Literalman, “yon milyon”.
  3. 5:43 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.
  4. 5:48 bonte Literalman, “pafè”. Isit la, sa vle di “ki fin devlope nèt”, se yon deskripsyon kalite lanmou pitit yo dwe aprann nan Papa a.