Add parallel Print Page Options

De kalite moun

(Lik 6:47-49)

24 Se poutèt sa, nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki mete yo an pratik, li tankou yon nonm saj ki bati kay li sou karyann. 25 Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, men kay la kanpe fèm paske li bati sou karyann. 26 Men nenpòt moun ki tande pawòl sa yo epi ki pa mete yo an pratik, li tankou yon moun fou ki bati kay la sou sab. 27 Lapli tonbe, larivyè desann, gwo van soufle vin frape kay la, epi kay la tonbe plat.”

Read full chapter