Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Sèl ak limyè latè
(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)
13 Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.
14 Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. 15 Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. 16 Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.
Jezi ap pale de lalwa Moyiz la
17 Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen. 18 Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.
19 Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a. 20 Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.
Copyright © 2017 by Bible League International