Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 73:1-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Pwovèb 14:1-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 17:14-21

Jezi delivre yon jèn gason anba yon move lespri

(Mak 9:14-29; Lik 9:37-43)

14 Jezi ak disip li yo retounen vin jwenn foul la. Gen yon mesye ki mache kontre Jezi, li met ajenou nan pye l. 15 Li di Jezi: “Senyè, gen pitye pou pitit gason m lan! Li gen maladi tonbe. Sa fè l soufri anpil. Gen de fwa se nan dife l tonbe, gen lòt fwa se nan dlo. 16 Mwen mennen l bay disip ou yo, men yo pa t ka fè anyen pou li.”

17 Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.” 18 Apre sa, Jezi pase demon an lòd pou l soti sou ti gason an. Nan menm lè a, ti gason an te geri.

19 Apre sa, disip Jezi yo pwoche bò kot Jezi apa, epi yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?”

20 Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.” 21 [a]

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International