Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Genyen kontwòl sou pawòl nou
3 Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo.
2 Nou tout fè anpil fot. Si yon moun pa janm fè fot an pawòl, se yon moun ki pafè. Li kapab gen kontwòl sou tout kò li. 3 Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo. 4 Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle. 5 Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz.
Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. 6 Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.
7 Lèzòm kapab fè tout kalite zannimo obeyi yo: bèt sovaj, zwazo, sèpan epi pwason. 8 Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò. 9 Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li. 10 Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa! 11 Èske yon sèl sous kapab bay dlo dous ak dlo anmè an menm tan? 12 Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.
Pyè konnen kilès Jezi ye
(Mat 16:13-20; Lik 9:18-21)
27 Jezi ak disip li yo ale nan vil yo ki nan zòn Sezare Filip la. Sou wout la Jezi mande disip li yo: “Ki lès nou tande yo di mwen ye?”
28 Yo reponn li: “Kèk moun di ou se Janbatis, yon lòt gwoup di ou se Eli. Gen lòt menm ankò ki di tou ou se youn nan pwofèt yo.”
29 Lè sa a, Jezi di yo: “E nou menm, kilès nou di mwen ye?”
Pyè reponn li: “Ou se Kris la.”
30 Jezi di disip li yo pou yo pa di okenn moun kilès li ye.
Jezi di li gen pou l mouri
(Mat 16:21-28; Lik 9:22-27)
31 Lè sa a, Jezi kòmanse ap anseye disip li yo Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. 32 Li di yo sa byen klè.
Men, Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. 33 Men, Jezi fè yon vire, li gade disip li yo epi li repouse Pyè konsa: “Rale kò w sou mwen, Satan![a] Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.”
34 Apre sa, Jezi rele foul la ak disip li yo, epi li di yo: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.” 35 Paske nenpòt moun ki vle sove lavi li, l ap pèdi l. Men moun ki pèdi lavi l pou mwen ak levanjil la, l ap sove lavi li. 36 Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye si l ap pèdi pwòp lavi l? 37 Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. 38 Nenpòt moun ki wont di li ak mwen, nan tan pèvès, plen ak peche sa a, ki wont pale pawòl mwen, mwen menm tou m ap wont li lè m retounen ak tout bèl laglwa mwen, ak bèl laglwa papa m ansanm ak anj li yo.
Copyright © 2017 by Bible League International