Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
20 Ewòd te fache kont moun lavil Tir ak lavil Sidon yo anpil. Men, se nan wayòm Ewòd la pou moun Tir ak Sidon yo te vin fè pwovizyon. Konsa, yon gwoup nan yo ale kote wa a pou mande l lapè. Gwoup sa a te fè yon jan fè Blastis vin zanmi yo; Blastis se te ofisye ki t ap travay lakay Ewòd menm.
21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo. 22 Pèp la tonbe rele byen fò, yo di: “Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun.” 23 Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.
24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.
25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[a] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.
Copyright © 2017 by Bible League International