Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Chante Salomon 2:8-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 45:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 45:6-9' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 1:17-27

17 Tout bagay ki san fot, se nan Bondye l soti. Tout bon kado, se an wo nan syèl yo soti. Se Bondye ki bay yo. Se li ki kreye solèy la ak zetwal yo. Bondye pa konn chanje menm jan ak lonbraj limyè fè chanje, li pa menm konn varye nan pozisyon l. 18 Bondye te deside ban nou lavi[a] pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.

Tande epi obeyi

19 Tande sa, frè ak sè byeneme m yo: Se pou chak moun toujou prèt pou l koute, san l pa kouri pale, san l pa kouri fè kòlè. 20 Kout kòlè yon nonm fè pa ka ede Bondye fè jistis li. 21 Poutèt sa, voye jete tout sa ki pa bon, tout kalite move bagay w ap fè nan lavi w yo. Imilye w devan ansèyman Bondye ki te plante nan kè w la. Paske ansèyman sa a gen pouvwa pou l sove w.

22 Mete pawòl Bondye yo an pratik. Pa sèlman koute yo. Sinon, se twonpe w ap twonpe tèt ou. 23 Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye. 24 Lè l fini, li pati epi li bliye kijan figi l te ye. 25 Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.

Pi bon fason pou adore Bondye

26 Ou kapab santi w ap sèvi Bondye byen. Men si w pa gen kontwòl lang ou, w ap twonpe tèt ou. Adorasyon w lan san valè. 27 Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon konsa Bondye aksepte.

Mak 7:1-8

Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo

(Mat 15:1-20)

Farizyen yo ak kèk direktè Lalwa ki te vin soti Jerizalèm te antoure Jezi. Yo wè kèk nan disip Jezi yo ki t ap manje san yo pa lave men yo, sa vle di men yo pa t lave nan fason Jwif yo te konn abitye fè sa. Paske Farizyen yo ak tout lòt Jwif yo pa janm manje san yo pa lave men yo. Yo fè sa pou yo ka swiv koutim granmoun lontan yo. Lè yo sot achte yon bagay nan mache, yo pa manje l si yo pa lave l. Epi gen anpil lòt tradisyon yo obsève, tankou lave gode, po ak veso an kuiv.[a]

Farizyen yo ak direktè Lalwa yo mande Jezi: Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo, okontrè y ap manje ak men yo san lave?”

Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:

Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
    men kè yo lwen mwen.
Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
    paske se kòmandman pa yo y ap anseye.[b]

Nou mete kòmandman Bondye a kote epi n ap kenbe tradisyon lòm.”

Mak 7:14-15

14 Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. 15 Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.”

Mak 7:21-23

21 Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, 22 adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. 23 Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International