Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 51:1-12' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Egzòd 32:19-26' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 11:17-22

Repa Senyè a

17 Mwen pa felisite nou ditou sou sa m pral di la a. Reyinyon nou yo fè plis mal pase byen. 18 Premye pwoblèm mwen tande, se lè nou reyini an asanble lan gen divizyon nan mitan nou. Se pa yon bagay ki difisil pou moun konprann, 19 poutèt fason nou panse a, nou kwè divizyon bon paske l ap montre ki moun ki kwayan toutbon vre.

20 Lè nou reyini an asanble, repa nou pran an depaman nèt ak Repa Senyè a.[a] 21 Mwen di sa paske chak moun kòmanse manje pwòp repa pa li. Lòt moun pa enterese l. Konsa gen moun ki pa jwenn anyen pou yo manje anyen pou yo bwè epi gen lòt ki sou.[b] 22 Si se konsa, pouki nou pa ret manje oswa bwè lakay nou? Se respè nou pa gen konsa pou legliz Bondye a? Nou ap imilye moun ki manke mwayen yo. Ki sa nou ta vle m di nou? Nou ta vle pou m felisite nou? Non! Mwen pa ka felisite nou sou pwen sa a.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International