Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
N ap sèvi Bondye anba yon nouvo kontra
3 Èske nou dwe kòmanse ap di bèl bagay pou fè moun wè nou? Oubyen èske nou bezwen lèt rekòmandasyon menm jan ak kèk lòt moun pou nou vin lakay ou, oswa lè n ap kite lakay ou? 2 Non, se ou menm ki lèt nou. Se yon lèt ki ekri nan kè nou. Tout moun konnen l, tout moun kapab li l. 3 Wi, ou montre ou se yon lèt Kris la ekri li menm epi li voye l pa mwayen nou menm. Lèt sa a pa ekri ak lank, men se avèk Lespri Bondye vivan an. Li pa ekri sou tablèt wòch,[a] men li ekri nan kè moun.
4 Nou pale konsa, devan Bondye, poutèt konfyans nou genyen, pa mwayen Kris la. 5 Nou pa met nan tèt nou nou ka fè anyen pou kont nou. Se Bondye ki ban nou kapasite pou nou fè tout sa nou fè. 6 Se li menm ki ban nou kapasite pou nou travay kòm sèvitè l anba nouvo kontra a. Kontra sa a pa depann de lalwa, men li depann de Sentespri a. Lalwa pote lanmò, men Sentespri a bay lavi.
Levi (Matye) swiv Jezi
(Mat 9:9-13; Lik 5:27-32)
13 Jezi sòti ale bò lak la ankò, tout foul la te vin jwenn li epi li t ap anseye yo. 14 Apre sa, pandan l ap pase, li wè Levi, pitit Alfe a, ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
15 Apre sa, Jezi t al manje lakay Levi, te gen anpil anplwaye kontribisyon la, ak kèk lòt moun ki t ap viv nan peche epi ki t ap manje ansanm ak Jezi epi disip li yo. Yo te anpil epi yo t ap swiv Jezi tou. 16 Men, lè kèk nan eskrib yo ki te farizyen tou, yo te wè Jezi ap manje ak moun k ap viv nan peche ansanm ak anplwaye kontribisyon, yo di disip Jezi yo: “Ak ki kalite moun Jezi ap manje la a?”
17 Lè Jezi tande sa, li di yo: “Moun ki an sante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mat 9:14-17; Lik 5:33-39)
18 Disip Janbatis yo ak Farizyen yo t ap jene. Kèk moun vin di Jezi: “Poukisa disip Jan yo ak disip Farizyen yo jene, epi disip pa w yo pa jene?”
19 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Yo pa ka ap jene pandan misye marye a la toujou avèk yo. 20 Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.
21 Okenn moun pa koud yon moso twal nèf nan yon rad ize. Si li ta fè sa, moso twal nèf la t ap dechire twal ize a, li t ap rache soti, epi kote ki dechire a t ap vin pi mal. 22 Menm jan an tou, pèsòn p ap pran diven nouvo[a] pou l mete l nan yon vye barik. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Copyright © 2017 by Bible League International