Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
15 Yon jou, tout frè yo te rasanble. Te gen anviwon san ven (120) moun konsa ki te la. Pyè kanpe nan mitan foul la, li di: 16 Frè ak sè m yo, li te nesesè pou pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre. Mwen vle pale de pawòl Sentespri a te anonse davans nan bouch wa David konsènan Jida. Li te di se Jida li t apral mennen moun ki te vin arete Jezi yo.
17 Jida se te youn pami nou ki te gen sèvis pa l nan travay sa n ap fè a.
21 Se poutèt sa, li nesesè pou nou jwenn yon lòt moun ki te la tout tan Senyè Jezi t ap monte desann ansanm ak nou nan tout peyi a. 22 Yon moun ki te ak nou depi lè Janbatis t ap batize moun nan, jouk rive lè Jezi te kite nou li monte nan syèl la. Fòk li se yon temwen rezireksyon Kris la tou, pou l vin met tèt ansanm avèk nou menm apot yo.
23 Yo prezante de (2) kandida pou plas la: Jozèf, yo te konn rele Basabas oubyen Jistis, ansanm ak Matyas. 24 Apre sa, apot yo priye Bondye, yo di: Senyè, ou menm ki konnen sa ki nan kè tout moun. Montre nou ki lès pami de mesye sa yo ou chwazi 25 pou sèvi kòm apot nan ministè sa a Jida te kite tonbe pou l al kote ki pou li a. 26 Apre sa, yo fè tiraj osò pou yo, epi chwa a te tonbe sou Matyas. Konsa, Matyas te vin apot akote lòt onz apot yo.
9 Si nou resevwa temwayaj lèzòm, enben temwayaj Bondye a pi gran. Men temwayaj Bondye a: Li rann temwayaj pou pwòp Pitit li a. 10 Moun ki kwè nan Pitit Bondye a genyen temwayaj la nan li menm menm. Moun ki pa kwè Bondye fè l tounen yon moun k ap bay manti paske li pa kwè nan temwayaj Bondye rann pou Pitit li a. 11 Men temwayaj la: Bondye te ban nou lavi etènèl, epi lavi sa se nan Pitit la li ye. 12 Moun ki kwè nan Pitit la genyen lavi, moun ki pa kwè nan Pitit la pa genyen lavi.
Kounye a nou deja gen lavi etènèl
13 Mwen ekri nou tout bagay sa yo, nou menm ki kwè nan Pitit Bondye a, pou nou kapab konnen nou genyen lavi etènèl.
6 Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik. 7 Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo. 8 Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m. 9 M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, 10 tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.
11 Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. 12 Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase konsa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.
13 Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. 14 Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.
15 Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. 16 Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. 17 Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a. 18 Menm jan ou te voye m nan lemonn, se konsa mwen voye yo tou. 19 Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.
Copyright © 2017 by Bible League International