Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jan wè kijan yo adore Bondye
4 Apre sa, m gade, m wè yon pòt louvri nan syèl la. Premye vwa ki te pale avè m di konsa: Monte isit, m ap fè w wè sa k ap rive apre sa. 2 Touswit, Sentespri Bondye pran kontwòl mwen. Mwen wè yon twòn nan syèl la, epi sou twòn nan, te gen yon moun chita. 3 Moun ki te chita sou twòn nan te bèl tankou yon bijou yo rele jasp ak sadwan. Epi toutotou twòn nan, se te yon Akansyèl ki te sanble ak yon wòch yo rele emwod.
4 Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo. 5 Yon seri kout zeklè, gwo bri ak kout loray ap soti sou twòn nan. Devan twòn nan gen sèt lanp k ap klere byen klere, se sèt Espri Bondye yo. 6 Devan twòn nan, te gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè an glas, sanble ak kristal. Nan mitan twòn nan, epi toutotou twòn nan, gen kat kreyati vivan, yo plen je devan kon dèyè.
7 Premye kreyati vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm kreyati vivan an sanble ak yon jenn towo bèf, twazyèm kreyati vivan an sanble ak yon figi moun, epi katriyèm kreyati vivan an sanble ak yon gwo malfini k ap vole. 8 Tout kat kreyati vivan yo te genyen sis zèl. Yo ranpli ak je toutotou epi anndan yo tou. Yo pa sispann ap repete lannwit kou lajounen:
“Sen, sen, Bondye Senyè a sen, li menm ki toupisan an,
li te la, li la, epi l ap vini!”
Copyright © 2017 by Bible League International