Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
23 Sa m ap di la a se verite a, menm Bondye ka sèvi m temwen. Rezon ki fè mwen pa vini Korent, se pou m pa ogmante sou pèn nou. 24 Sa pa vle di n ap chache kontwole lafwa w. Ou deja gen yon lafwa ki solid. Men nou vle travay ansanm avèk ou pou pwòp bonè w.
2 Konsa, mwen te deside mwen p ap vizite nou ankò, poutèt se tristès m ap pote pou nou. 2 Si m fè nou tris, ki lès k ap fè kè m kontan? Èske se pa menm nou menm mwen fè tris la? 3 Mwen te ekri nou yon lèt davans pou moun ki la pou fè kè m kontan yo pa t rann mwen tris. Mwen te sèten lè m kontan sa fè nou kontan tou. 4 Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.
Pòl mande padone yon moun ki te aji mal
5 Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.) 6 Pinisyon majorite moun legliz la te ba li a sifi. 7 Kounye a, se pou nou padone li epi ankouraje li. Si se pa sa, tristès la ka pouse l abandone. 8 M ap egzòte nou pou nou manifeste lanmou anvè li. 9 Mwen ekri nou pou m k konnen si nou pare pou n obeyi nan tout bagay. 10 Depi nou padone yon moun, mwen menm tou mwen padone l. Epi si te gen yon bagay pou m padone, mwen padone l poutèt nou, nan prezans Kris la. 11 Mwen fè l konsa pou Satan pa jwenn okenn avantaj sou nou. Nou konnen byen ki plan li genyen.
Copyright © 2017 by Bible League International