Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
12 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa dwe kite se feblès lachè k ap dirije nou epi k ap fè nou fè sa l vle. 13 Si nou pase lavi nou ap fè sa feblès lachè vle, n ap mouri nan vi espirityèl nou. Men si n kite Sentespri a ede n fini ak move bagay lachè yo, n ap genyen vrè lavi a.
14 Moun ki pitit Bondye, se moun ki kite Lespri Bondye dirije yo. 15 Lespri nou te resevwa a pa fè nou esklav pou n ap viv nan lapèrèz ankò. Lespri nou te resevwa a fè Bondye adopte nou kòm pitit li. Se Lespri sa a ki fè nou rele, “Abba,[a] Papa.” 16 Sentespri a kominike ak lespri pa nou pou ban nou garanti nou se pitit Bondye. 17 Poutèt nou se pitit Bondye, n ap resevwa pòsyon pa nou nan byen Bondye pwomèt moun pa l yo. L ap ban nou tout sa li gentan bay Jezikri. Si jodi a nou gen pòsyon soufrans pa nou menm jan ak li, n ap gen pòsyon laglwa pa nou avèk li tou.
Jezi ak Nikodèm
3 Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm, youn nan Farizyen yo. Se te yon lidè Jwif. 2 Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”
3 Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa,[a] li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”
4 Nikodèm reponn: “Kòman yon nonm ki fin granmoun kapab fèt yon lòt fwa? Èske l ta kapab retounen nan vant manman l pou l ta fèt yon lòt fwa?”
5 Jezi reponn: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Sentespri a, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a. 6 Sèl lavi paran yon moun kapab ba li se lavi fizik. Men, lavi Sentespri bay la se nan Lespri li soti. 7 Pa sezi poutèt mwen di w fòk ou fèt yon lòt fwa. 8 Van soufle nan direksyon l vle. Ou tande l, men ou pa konnen ni kote l soti ni kote l prale. Se menm bagay pou nenpòt moun ki fèt nan Sentespri a.”
9 Nikodèm mande Jezi: “Kòman sa kapab fè fèt?”
10 Jezi di Nikodèm: “Ou se yon gwo pwofesè nan peyi Izrayèl, epi ou pa konnen bagay sa yo? 11 Mwen di w sa franchman, nou pale sa nou konnen, nou temwanye sa nou wè, men nou menm pèp Izrayèl, nou pa resevwa temwanyaj nou. 12 Mwen pale avèk ou sou bagay latè, men ou pa kwè mwen. Alò kijan ou ka fè kwè si m ta pale w sou bagay ki nan syèl la? 13 Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.
14 Menm jan Moyiz te leve sèpan[b] an nan dezè a, se konsa yo dwe leve Pitit Lòm nan tou. 15 Konsa nenpòt moun ki kwè nan li va gen lavi etènèl.”[c]
16 Paske Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a, konsa nenpòt moun ki kwè nan li, p ap peri, men li gen lavi etènèl. 17 Bondye voye Piti li a nan lemonn, Li pa t voye l pou l jije lemonn, men pou l sove lemonn.
Copyright © 2017 by Bible League International