Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 85 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Oze 5 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 2:22-36

22 Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen. 23 Se yon trèt ki livre Jezi ban nou, epi nou touye l. Moun ki ede nou fè sa, yo pa menm fè ka de lwa nou an, nou klouwe l sou yon kwa. Men, Bondye te konnen tou sa te gen pou rive. Se te plan Bondye, yon plan li te genyen depi byen lontan. 24 Bondye fè l resisite. Lanmò te vle kenbe l nan tonm nan, lanmò te dwe kite l soti nan tonm nan libelibè, menm jan ak yon bebe ki rive lè l pou l soti nan vant manman l. 25 Men sa wa David te ekri konsènan Jezi:

Mwen te toujou wè Senyè a devan je mwen,
    paske li te toujou bò kote m
    pou asire sekirite m.
26 Konsa, mwen gen anpil lajwa nan kè m,
    epi bouch mwen ap chante lwanj.
    Anplis de sa, kò m ap repoze avèk esperans,
27 paske ou p ap kite m nan tonbo a,[a]
    ou p ap kite kò moun ou chwazi a pouri nan tonbo.
28 Ou va fè m konnen kijan pou m retounen viv ankò.
    Ou ranpli kè m ak lajwa, paske ou ap toujou toupre mwen.[b]

29 Frè m yo, mwen pran libète pou m di nou kareman, zansèt nou David mouri, yo antere li, epi tonbo li toujou la jouk jodi a nan mitan nou. 30 David se te yon pwofèt, epi li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te bay David garanti li t ap fè yon moun nan branch fanmi David chita sou twòn David la kòm wa.[c] 31 David te gentan wè sa Bondye t apral fè a depi byen avan, se sa k fè li te pale konsa konsènan rezireksyon Kris la. Li di:

Bondye pa t kite l kote mò yo ye a,
    Bondye pa t kite kò li pouri nan tonbo a.

32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan nan lanmò. Nou tout te temwen evènman sa a. 33 Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste. 34 Se pa David ki te monte nan syèl la. Okontrè, men sa David te di:

Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
35     jouktan m fè lènmi w yo
    tonbe anba pouvwa w.[d]

36 Nou tout nan pèp Izrayèl la, nou bezwen konnen sa byen. Jezi sa a nou te klouwe sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè a, se li menm Bondye fè Kris la.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International