Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Ede youn lòt
6 Frè m ak sè m yo, si nou kenbe yon moun ap fè yon move bagay, nou menm k ap mennen lavi nou dapre Sentespri a, se pou nou ede yon moun konsa retounen viv dwat devan Bondye. Men, se pou nou fè sa avèk dousè. Epi tou, pran prekosyon pou nou pa tonbe nan tantasyon tou. 2 Se pou youn ede lòt pote chay li. Se konsa n ap rive fè sa lalwa Kris la mande a. 3 Paske, si yon moun panse l se yon zafè epi li pa anyen, se twonpe l ap twonpe tèt li. 4 Se pou chak moun egzamine travay pa l, olye de konpare tèt li ak lòt moun. Konsa, l a wè si l gen rezon pou fè lwanj pou tèt li. 5 Paske chak moun fèt pou pran pwòp responsabilite li.
Pa janm sispann fè sa ki byen
6 Yon moun k ap resevwa enstriksyon pawòl Bondye a, li dwe pataje tout bon bagay li genyen ak moun k ap ba li enstriksyon an.
7 Pa twonpe tèt nou, moun pa ka pase Bondye nan betiz. Paske nenpòt sa yon moun plante, se sa tou l ap rekòlte. 8 Moun ki simen semans ki pou satisfè dezi li, sa l ap rekòlte, se destriksyon. Men, moun ki semèn semans pou satisfè Sentespri a, l ap rekòlte lavi etènèl. 9 Nou pa fèt pou n janm bouke fè sa ki byen, paske, si nou pa dekouraje, n ap jwenn rekonpans nou lè lè a rive. 10 Konsa, pandan nou jwenn okazyon an, se pou nou fè byen ak tout moun, sitou pou moun sa yo ki kwè menm jan avèk nou nan fanmi Bondye a.
Dènye rezime sa Pòl ekri nan lèt sa a
11 Kounye a m ap ekri nou ak pwòp men m. Gade gwosè lèt yo. 12 Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa[a] Kris la sèlman. 13 Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.
14 Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. 15 Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an. 16 Se pou lapè Bondye desann sou tout moun ki antre nan nouvo lavi a. Epi se pou Bondye gen konpasyon pou pèp li a, Izrayèl.
Jezi voye swasanndouz mesye yo
10 Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz[a] lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale. 2 Li di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.
3 Nou mèt ale. Men, tande byen wi, m ap voye nou tankou ti mouton nan mitan bèt sovaj. 4 Pa pote bous. Pa pote sak pou pwovizyon osinon sandal derechany. Pa rete kanpe nan wout ap di moun bonjou nonplis. 5 Lè nou antre nan yon kay kèlkonk, premye bagay pou nou di se: Lapè Bondye sou kay sa a. 6 Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou. 7 Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay.
8 Si nou antre nan yon vil epi moun yo byen resevwa nou, manje nenpòt manje yo ofri nou pou n manje. 9 Geri moun malad yo nan vil la, epi di tout moun yo: Wayòm Bondye a rive sou nou!
10 Men, si nou antre nan yon vil, yo pa resevwa nou, soti al kanpe nan mitan lari a epi di: 11 Ata pousyè lavil nou an ki te kole nan sandal nou, nou souke yo kont nou. Men, konnen byen wayòm Bondye a rive sou nou.
16 Nenpòt moun ki obeyi pawòl nou, se mwen menm li obeyi. Nenpòt moun ki rejte nou, se mwen menm li rejte. Nenpòt moun ki rejte m, se moun ki voye m nan li rejte.”
Satan tonbe
17 Lè swasanndouz (72) disip yo retounen soti nan vwayaj la, yo te kontan anpil. Yo di: “Senyè, menm move lespri yo soumèt devan nou lè nou sèvi ak non ou pou pase yo lòd.”
18 Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè. 19 Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan, lènmi nou an, anba pye nou. Anyen p ap ka rive nou. 20 Piga nou fè twòp chèlbè[a] poutèt nou wè move lespri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan kaye syèl la.”
Copyright © 2017 by Bible League International