Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 86:11-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jenèz 16:1-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 2:1-7

Mesaj Jezi voye bay legliz Efèz la

“Ekri voye bay zanj legliz Efèz la: Men sa moun ki gen sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k ap mache pami sèt lanp an ò yo, men sa l di.

Mwen konnen tout sa w fè, kijan ou travay di. Mwen konnen ou pa kapab sipòte mechan yo. Moun ki di se apot yo ye, poutan se pa vre, ou rive demaske yo, ou jwenn se manti y ap fè. Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.

Men sa m genyen kont ou, se paske ou pèdi premye amou ou te genyen okòmansman an. Alò, sonje kote w te ye anvan w te tonbe la a. Repanti w epi rekòmanse viv jan w te ye anvan an. Si ou pa fè sa, m ap vini epi m ap retire pye lanp ou a nan plas kote l ye a. Men gen yon bagay ou fè ki byen, ou rayi sa Nikolayit[a] yo ap fè a. Mwen rayi sa y ap fè a tou.

Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo. Moun ki ranpòte laviktwa, m ap ba l dwa pou l al manje fwi pye bwa lavi a[b] ki nan paradi Bondye a.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International