Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
17 Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la. 18 Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se konsa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont. 19 Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.
20 Moun ki konnen Jezikri, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan. 21 Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a. 22 Kounye a, sa k rive yo a montre sa pwovèb la di a se vre: “Chen an manje sa l fin vomi a ankò”[a] epi tou “kochon yo fenk fin benyen an tounen al woule nan m a labou ankò.”
Copyright © 2017 by Bible League International