Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Pòl sou zile Malta
28 Lè nou te vin ansekirite sou zile a, nou te aprann zile a te rele Malta. 2 Moun ki te rete la, yo te byen janti avèk nou. Lapli t ap tonbe epi li te fè frèt. Konsa, yo te fè yon gwo dife pou yo te resevwa nou. 3 Pòl te rasanble yon bann branch bwa chèch pou l met nan dife a. Pandan l ap mete branch bwa yo nan dife a, chalè dife a fè yon koulèv vipè ki te nan branch yo te marande nan men Pòl epi li mòde li. 4 Lè moun ki t ap viv sou zile a te wè koulèv la kole nan men Pòl, yo di konsa: “Se sèten, nonm sa a se yon nonm ki konn touye moun! Li pa t mouri nan lanmè a, men dye ki konn fè jistis la pa ba l chans pou l viv.”
5 Men Pòl sekwe koulèv la jete nan dife a epi li pa t gen anyen. 6 Moun yo t ap tann pou Pòl vin anfle epi pou l te tonbe mouri. Yo te t ap gade li epi yo t ap tann pandan lontan, men pa t gen anyen mal ki te rive Pòl. Lè sa a, yo te vin chanje sa yo te panse. Yo te di: “Misye se yon dye!”
7 Tou pre a, te gen yon pwopriyete ki te pou Pibliyis, pi gwo sitwayen zòn nan. Li te resevwa nou tankou zanmi epi li te ban nou kote pou nou fè ladesant. Li te fè sa pandan twa jou. 8 Papa Pibliyis te kouche malad ak la fyèv ak disantri. Pòl te antre lakay li, li priye pou li, li poze men l sou li, epi li geri l. 9 Lè sa a tout moun ki te malad sou zile a te vin jwenn Pòl, epi Pòl geri yo.
10-11 Moun yo te montre anpil respè pou nou. Lè lè a rive pou nou pati, yo ban nou tout sa nou te gen bezwen pou vwayaj la.
Pòl ale a Wòm
Apre twa mwa, nou pati sou yon bato ki te sot Aleksandri. Devan bato a te gen yon siy, se te siy non Bato a “De dye Jimo”[a] ki te pase move tan an sou zile a.
Copyright © 2017 by Bible League International