Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Resevwa pwomès Bondye pa lafwa
13 Abraram ak desandan li yo te jwenn pwomès pou yo posede lemonn antye. Men Abraram pa t jwenn pwomès sa a paske l t ap swiv Lalwa. Li te jwenn pwomès sa a, paske l te jis devan Bondye poutèt lafwa li. 14 Si se moun ki swiv Lalwa k ap jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè sa a, lafwa pa t ap gen okenn enpòtans, epi pwomès Bondye a t ap san valè. 15 Paske Lalwa rale kòlè Bondye sou moun ki dezobeyi l. Konsa, si pa gen lalwa, pa gen dezobeyisans lalwa.
16 Konsa, yon moun jwenn sa Bondye te pwomèt la, lè l gen lafwa. Se konsa sa ye pou pwomès la kapab yon kado vrèman vre. Epi si pwomès la se yon kado, lè sa a, se sèten tout desandan Abraram yo ap jwenn pwomès sa a. Pwomès la pa sèlman pou moun k ap viv anba Lalwa Moyiz la. Li pou tout moun k ap viv pa lafwa menm jan ak Abraram. Abraram se papa nou tout. 17 Se konsa Pawòl Bondye di: “M fè w vin papa yon anpil nasyon.”[a] Abraram te tande pwomès la, li te mete lafwa l nan Bondye. Se Bondye ki bay moun mouri yo lavi ankò epi li fè sa ki pa t egziste vin egziste.
18 Pa t gen okenn espwa pou Abraram te gen pitit, men Abraram te met konfyans li nan Bondye epi l te kontinye espere. Se poutèt sa, li vin papa yon anpil nasyon, jan Bondye te di l la: “W ap gen anpil desandan.”[b] 19 Abraram te prèske gen santan, laj pou l te fè pitit la te gentan pase. Epi Sara pa t ka fè pitit tou. Abraram te byen konnen sa, men konfyans li nan Bondye pa t febli. 20 Li pa t janm doute nan mete nan tèt li Bondye pa ta kenbe pawòl li. Olye l ta sispann kwè, li kontinye fè Bondye konfyans epi li fè lwanj pou Bondye. 21 Abraram te sèten Bondye gen puisans pou l fè sa l te pwomèt. 22 Se poutèt sa “Bondye te aksepte l kòm moun ki aji dwat devan l.” 23 Men se pa sèlman Abraram Pawòl Bondye a di “Bondye aksepte l kòm moun ki dwat.” 24 Nou ladan l tou. Bondye ap aksepte nou paske nou kwè. Nou kwè nan sila a ki te resisite a, Jezi, Senyè nou an. 25 Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.
Jezi rele Matye pou vin swiv li
(Mak 2:13-17; Lik 5:27-32)
9 Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
10 Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. 11 Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”
12 Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. 13 Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.[a] Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)
18 Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”
19 Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.
20 Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, 21 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!”
22 Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.
23 Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik finèb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. 24 Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. 25 Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. 26 Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.
Copyright © 2017 by Bible League International