Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
11 Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.
12 Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad.[a] Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.
13 Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon[b] Sentespri a rete avèk nou tout.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mak 16:14-18; Lik 24:36-49; Jan 20:19-23; Trav 1:6-8)
16 Onz disip yo ale Galile sou tèt mòn Jezi te pran randevou avè yo a. 17 Lè yo wè li, yo adore l, menmsi kèk ladan yo te gen dout. 18 Jezi pwoche bò kote yo, li di: “Mwen resevwa tout pouvwa nan syèl la tankou sou tè a. 19 Ale fè disip nan tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a. 20 Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”
Copyright © 2017 by Bible League International