Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Deteronòm 30:15-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: Book name not found: Sir for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 119:1-8' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 3:1-9

Lidè ak fidèl se sèvitè Jezikris

Frè m ak sè m yo, lè m te lakay nou, mwen pa t ka pale avèk nou tankou moun Lespri Bondye a ap dirije. Mwen te pito pale avèk nou tankou moun ki pa konvèti. Mwen te pale avèk nou tankou ti bebe nan lafwa nou mete nan Kris la. Se ti lèt mwen te ba nou. Mwen pa t ba nou gwo manje, paske nou pa t ka sipòte gwo manje. Dayè, jouk jodi a, nou pa ko pare pou nou pran gwo manje. Rezon an senp: nou toujou ap panse epi viv tankou moun ki pa gen Sentespri a. Gen jalouzi ak chire pit nan mitan nou. Èske l pa klè nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti? Lè yon moun di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Epi yon lòt di: “Mwen, se Apolòs m ap swiv!” Sa se prèv nou se moun k ap mache menm jan ak moun ki pa konvèti.

Ofon, kisa Apolòs ye? Ki sa Pòl ye? Nou se sèlman sèvitè Bondye sèvi kòm kanal pou ede w kwè nan Bondye. Nou chak ap fè senpleman fè travay Bondye ba nou pou nou fè. Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi. Moun ki plante pa anyen. Moun ki wouze a pa anyen nonplis. Se Bondye ki enpòtan paske se li ki fè plant la grandi. Moun ki plante a ak moun ki wouze a yo gen menm bi. Chak moun gen pou resevwa rekonpans pa l selon travay li te fè. Nou se kolaboratè nan travay Bondye. Ou se jaden kote n ap travay la. Ou se bilding n ap bati a.

Matye 5:21-37

Jezi anseye konsènan kòlè

21 Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun[a], paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo. 22 Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.

23 Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w, 24 depoze ofrann nan yon kote, ale fè lapè ak moun ou gen pwoblèm nan. Apre sa, wa retounen vin bay ofrann nan.

25 Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon. 26 Anverite, m ap di ou, yo p ap lage w jouktan w fin peye tout dèt la.

Jezi pale konsènan peche seksyèl

27 Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè,[b] 28 men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. 29 Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. 30 Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.

Jezi pale sou kesyon divòs

(Mat 19:9; Mak 10:11-12; Lik 16:18)

31 Nou te konn tande yo di tou: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l fè sèten li ba li yon papye divòs.[c] 32 Men mwen menm, m ap di nou: nenpòt moun ki divòse ak madanm li ap lakoz li komèt adiltè, eksepte si madanm li te gentan tonbe ak yon lòt moun. Nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse komèt adiltè.

Jezi pale sou koze fè pwomès

33 Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.[d] 34 Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36 Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa. 37 Lè se ‘wi’ ou vle di, annik di ‘wi’. Lè se ‘non’ ou vle di, annik di ‘non’. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International