Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 119:105-112' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '2 Wa 22:3-20' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Women 11:2-10

Bondye te chwazi Izrayèl pou pèp pa l anvan menm yo te fèt, li pa voye pèp la jete. Selon sa ki ekri nan Bib la, Eli te pote plent bay Bondye kont pèp Izrayèl la. Se sèten nou konnen sa l te di: “Senyè, yo touye pwofèt ou yo, yo kraze lotèl ou yo. M se sèl pwofèt ki rete vivan, epi men y ap chache touye m.”[a] Men, ki repons Bondye te bay Eli? Men sa Bondye te di l: “M gen 7,000 moun de rezèv ki pa janm met ajenou devan zidòl ki rele Baal la.”[b]

Se menm bagay pou Izrayèl jodi a. Gen yon ti gwoup Izrayelit Bondye chwazi nan gras li ki rete fidèl. Si se nan gras li li chwazi yo, sa vle di se pa sou baz zèv yo te fè. Si l pa t konsa, nou pa t ap ka pale de gras.

Kisa sa vle di? Sa vle di: Pi fò pèp Izrayèl la pa jwenn sa yo t ap chache a. Men ti rès Izrayelit Bondye te chwazi yo te jwenn li. Men lòt yo, yo fèmen kè yo pou yo pa konprann. Se sa Bib la di:

“Bondye fè yo dòmi pou yo pa tande.”[c]
“Bondye bouche je yo pou yo pa wè,
    epi li bouche zòrèy yo pou fè yo pa ka tande.
    Sa kontinye jouk kounye a.”[d]

David deklare li menm tou:

“Tab kote y ap fete tounen yon pyèj pou yo, yon filè,
    yon kote ki fè yo fè bitay.
Se pou bon moman sa yo fè yo tonbe
    pou yo jwenn pinisyon yo merite.
10 Se pou je yo bouche pou yo pa ka wè,
    se pou y ap koube do yo tout tan anba gwo chay lou ak sousi.”[e]

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International