Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 37:1-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Rit 3:1-13' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Rit 4:13-22' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lik 6:17-26

Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun

(Mat 4:23-25; 5:1-12)

17 Apre sa, Jezi ansanm ak douz apot yo desann mòn nan. Li kanpe sou yon platon. Anpil disip li yo te la ansanm ak anpil anpil lòt moun ki soti nan tout rejyon Jide a, nan Jerizalèm, ak nan rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, 18 Yo te vin pou tande li epi pou yo te jwenn gerizon pou maladi yo. Sa yo ki te gen move denmon ap twouble yo te jwenn gerizon tou. 19 Tout moun t ap chache mwayen pou yo manyen Jezi, paske te gen yon puisans ki t ap soti nan li. Jezi te geri yo tout.

20 Apre sa, Jezi leve je l li gade disip li yo epi li di:

“Anpil benediksyon pou nou menm ki pòv,
    paske Wayòm Bondye a se pou nou li ye.
21 Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a,
    paske vant nou pral plen.
Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a,
    paske kè nou pral kontan.

22 Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan. 23 Se pou nou rejwi lè sa rive. Se pou nou danse menm tèlman nou kontan paske rekonpans nou gran nan syèl la. Zansèt moun sa yo te fè pwofèt yo menm bagay yo tou.

24 Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo,
    paske nou gen tan jwenn lavi fasil nou isit.
25 Malè pou nou menm k ap manje byen kounye a,
    paske n ap gen pou n grangou.
Malè pou nou menm k ap ri kounye a,
    paske nou pral nan lapenn, nou pral kriye.

26 Malè pou ou lè tout moun di bon bagay de ou, paske zansèt moun sa yo te fè menm bagay la pou fo pwofèt yo.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International