Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi se limyè lemonn
12 Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”
13 Men, Farizyen yo di Jezi konsa: “Apa ou ap fè lwanj pwòp tèt ou, pèsonn pa kapab sèten si temwanyaj ou a se verite a.”
14 Jezi reponn, li di yo: “Menmsi m ap pale de tèt mwen, sa m ap di a kòrèk, paske m konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konnen kote m soti ni kote m prale. 15 Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16 Men, si m ap jije, jijman m ap kòrèk, paske m pa poukont mwen. Men Papa a ki voye m nan li ansanm ak mwen. 17 Se pwòp lalwa nou an ki di lè de temwen di menm bagay la, nou dwe aksepte sa yo di a. 18 Mwen temwanye pou mwen menm. Epi Papa m ki voye m nan se yon lòt temwen pou mwen.”
19 Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?”
Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.” 20 Jezi te di pawòl sa yo pandan l t ap anseye nan tanp lan, nan plas kote yo mete ofrann yo ranmase nan tanp lan. Men pèsonn pa t arete li paske jou l pa t ko rive.
Kèk Jwif pa konprann Jezi
21 Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”
22 Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?”
23 Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. 24 Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a,[a] n ap mouri nan peche nou.”
25 Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?”
Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. 26 Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”
27 Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. 28 Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè[b] sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. 29 Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” 30 Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li.
Copyright © 2017 by Bible League International