Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
Jezi mande nou pou n renmen lòt yo
7 Byeneme m yo, se pa yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a, men se yon ansyen kòmandman nou te resevwa depi nan kòmansman. Ansyen kòmandman sa a, se pawòl nou te deja tande a. 8 Poutan se yon kòmandman tou nèf m ap ban nou nan lèt sa a. Se yon vrè kòmandman; ou ka wè li manifeste nan Jezi epi nan nou menm tou. Fènwa a ap pase epi vrè limyè a ap briye deja.
9 Yon moun ki di: “Mwen nan limyè,” poutan li rayi frè li, osinon sè li ki nan fanmi Bondye a, l ap viv nan fènwa jouk kounye a. 10 Yon moun ki renmen frè l, osinon sè l, l ap viv nan limyè, epi tou, li pa gen anyen nan li pou fè l fè sa k pa bon. 11 Men yon moun ki rayi frè li, osinon sè li, l ap viv nan fènwa. Li pa konnen kote li prale, paske fènwa a rann li avèg.
12 M ap ekri nou lèt sa a, pitit mwen yo,
paske peche nou yo padone poutèt non Kris la.
13 M ap ekri nou lèt sa a, papa yo,
paske nou konnen moun ki egziste depi nan kòmansman an.
M ap ekri nou, nou menm ki jèn,
paske nou gen viktwa sou move dezi nou yo.
14 Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo,
paske nou konnen Papa a.
Mwen ekri nou papa yo,
paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an.
Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo,
paske nou gen fòs.
Pawòl Bondye a rete nan nou,
epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.
15 Pa renmen mond lan ni bagay ki nan mond lan. Si yon moun renmen mond lan, lanmou Papa a pa nan li. 16 Paske tout sa ki nan mond lan: dezi lachè, lanvi pou nou genyen sa je nou wè, lògèy ki ranpli nou poutèt byen nou genyen, tout sa pa soti nan Papa a, men yo soti nan mond lan. 17 Epitou, mond lan gen pou l pase, ak tout move dezi li yo; men moun ki fè sa Bondye vle, ap rete pou tout tan.
Copyright © 2017 by Bible League International