Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 40:6-17' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 48:12-21' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Matye 9:14-17

Yon kesyon sou moun k ap jene

(Mak 2:18-22; Lik 5:33-39)

14 Apre sa disip Jan yo te pwoche bò kote Jezi epi yo di l: “Nou menm ak Farizyen toujou fè jèn, poukisa disip ou yo pa janm fè jèn?”

15 Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.

16 Pèsòn p ap pran yon moso twal nèf pou l fè pyès mete nan yon vès ki ize. Moso twal nèf la ap rale twal ize a epi twou a ap vin pi mal. 17 Pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik.[a] Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International