Revised Common Lectionary (Semicontinuous)
1 Mwen menm Pòl, apot Jezikris,[a] paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn, 2 n ap salye legliz Bondye a nan vil Korent lan. Nou se moun Bondye konsakre nan sèvis Jezikris. Nou se moun Bondye rele pou nou viv yon lavi ki sen menm jan ak tout lòt moun toupatou ki mete konfyans yo nan Senyè a,[b] Senyè yo tankou Senyè pa nou tou.
3 Se pou Bondye Papa nou ak Senyè Jezikris ba nou benediksyon ak lapè l!
Pòl ap di Bondye mèsi
4 Mwen p ap janm sispann di Bondye mèsi pou nou pou benediksyon li ba nou paske nou nan Jezikris. 5 Nan Jezikris, Bondye beni nou ak moun ki gen tout kalite bon pawòl ak tout konesans. 6 Sa yo se prèv ki konfime mesaj nou an se verite a. 7 Gade sou nou menm korentyen, Bondye ban nou tout kalite don pandan n ap tann Jezikris, Senyè nou an retounen. 8 Se li menm k ap kenbe nou fèm jiska lafen, pèsòn p ap jwenn anyen pou akize nou, jouktan jou retou Senyè nou an Jezikris rive. 9 Bondye fidèl. Se li menm ki chwazi nou pou n gen menm lavi ak lavi Pitit li a, Jezikris, Senyè nou an.
Jezi, mouton Bondye a
29 Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. 30 Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. 31 Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.”
32 Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33 Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34 Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”[a]
Premye disip Jezi yo
35 Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. 36 Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton[b] Bondye a!”
37 Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. 38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?”
Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”
39 Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se konsa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.
40 Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. 41 Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris).
42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.”[c] (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)
Copyright © 2017 by Bible League International