Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Revised Common Lectionary (Semicontinuous)

Daily Bible readings that follow the church liturgical year, with sequential stories told across multiple weeks.
Duration: 1245 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 15 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Deteronòm 24:17-25:4' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 5:17-24

Pi plis sou ansyen yo ak lòt bagay ankò

17 Lidè yo k ap dirije legliz la byen, yo merite resevwa yon salè ki de fwa plis, sitou sa yo k ap preche ak sa yo k ap anseye. 18 Men sa Bib la di, “Lè w ap fè yon bèt travay pou rekòlte, pa mare bouch li pou l pa manje nan rekòt la”[a]. Epi ankò, “Moun k ap travay la merite gen yon salè.”[b]

19 Pa aksepte akizasyon moun ap pote kont yon ansyen. Fòk ta gen de ou twa temwen pou akize yon lidè. 20 Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.

21 Men sa m ap kòmande w fè ak tout fòs mwen, devan Bondye, devan Jezikris, ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w respekte tout sa m di w la a, san komèt lenjistis, san patipri nan mitan moun yo.

22 Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.

23 Timote, sispann bwè dlo sèlman, pran ti diven tou. Sa va ede w, pou w pa toujou ap soufri ak vant ou.

24 Gen kèk moun, menm anvan ou jije, peche yo parèt aklè. Poutan, pou kèk lòt, ou pral dekouvri sa nan byen ta.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International