Font Size
Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God / Matthew 5:33–37 (Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil)
Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
40 daily Scripture readings that illustrate the character of God and the nature of faith.
Duration: 40 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Matye 5:33-37
Jezi pale sou koze fè pwomès
33 Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.[a] 34 Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35 Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36 Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa. 37 Lè se ‘wi’ ou vle di, annik di ‘wi’. Lè se ‘non’ ou vle di, annik di ‘non’. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International