Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mat 12:38-42; Mak 8:12)
29 Pandan foul la te kontinye ap gwosi, Jezi di yo konsa: “Ala moun yo mechan se moun alèkile yo. Y ap mande mirak ki pou sètifye travay mwen, men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas[a] la. 30 Paske, menm jan Jonas te sèvi kòm yon siy pou pèp Niniv la, konsa tou Pitit Lòm nan va sèvi kòm yon siy pou moun nan jenerasyon sa a.
31 Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la[b] ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.
32 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.
Yon limyè k ap klere lemonn
(Mat 5:15; 6:22-23)
33 Pa gen moun k ap limen yon lanp pou l sere l nan yon ti kwen osinon anba yon bokit. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 34 Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè[c] pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. 35 Fè sèten ou se yon moun ki ranpli ak limyè olye fènwa. 36 Si ou ranpli ak limyè,[d] epi pa gen okenn pati nan ou ki kache nan fènwa, ou ap briye nèt tankou lè yon lanp ap klere chemen ou ak limyè li.”
Copyright © 2017 by Bible League International