Daily Reading for Personal Growth, 40 Days with God
8 Jezi li menm te monte sou mòn Oliv la. 2 Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo.
3 Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun. 4 Yo di Jezi konsa: “Mèt, nou kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. 5 Lalwa Moyiz la mande pou nou touye yon moun konsa ak kout wòch, epi ou menm, kisa ou di?”
6 Yo te pale konsa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li. 7 Tout tan l ap ekri a lidè Jwif yo te kontinye poze l kesyon. Lè sa a, Jezi kanpe li gade mesye yo epi li di: “Nenpòt moun la a ki san peche, ba l premye kout wòch la.” 8 Epi Jezi bese ankò, li t ap trase atè a.
9 Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la. 10 Jezi kanpe epi li di: “Madam kote moun yo? Pa gen yon moun ki kondane w?”
11 Madam nan reponn: “Non Senyè!”
Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”
Jezi se limyè lemonn
12 Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”
13 Men, Farizyen yo di Jezi konsa: “Apa ou ap fè lwanj pwòp tèt ou, pèsonn pa kapab sèten si temwanyaj ou a se verite a.”
14 Jezi reponn, li di yo: “Menmsi m ap pale de tèt mwen, sa m ap di a kòrèk, paske m konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konnen kote m soti ni kote m prale. 15 Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16 Men, si m ap jije, jijman m ap kòrèk, paske m pa poukont mwen. Men Papa a ki voye m nan li ansanm ak mwen. 17 Se pwòp lalwa nou an ki di lè de temwen di menm bagay la, nou dwe aksepte sa yo di a. 18 Mwen temwanye pou mwen menm. Epi Papa m ki voye m nan se yon lòt temwen pou mwen.”
19 Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?”
Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”
Copyright © 2017 by Bible League International